pwezi kreyol

< Previous | Home | Next >

ANBA PERISTIL
Blan Minustha yo sele lespri yo
Sen Jak Majè pèdi epe l
Bòko, Dyèg, Ounsi Konzo
Trase vèvè paswa
Ak lespri ansibemòl
Vwa yo tande nan Govi
Blan tounen chwal malen
Kote poud katchapengka,
Kote zè gwojounen, lannwit
Ak midisonan yo,
Kote medsin mwen pran
Pou pase w la,
Kote ranvwa yo
Kote kout zonbi pwennfèpa yo
Blan chita andedan ounfò yo
Ap fè kadejak sou Èzili Dantò
Kote lespri monn envizib yo
Kote nèg vanyan gason
Ki di yo te kreye monn pa yo
Dèyè do Papa Bondye
Blan chita nan piwòg Mèt Agwe
Pou fè bato l fè novraj
Blan Minustha ap pase dwèt yo
Nan figi Bawon Lakwa
Yap krache nan figi Bawon Sanmdi
Kote Nèg ki konn tounen van yo
Ki kwè yo ka gonfle machwe yo
Pou move tan blayi
Kote nèg kap kondi zonbi gwo jounen
Ak trip kòd envizib yo
Kote enkantasyon, sèk kabal,
Pou chase ranvwa yo
Blan Minustha yo tabli
Sou do Dayiti Toma
Yo di tout voum se pwèt.

Jean-benito Mercier, July 31 2008, 2:48 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

ANBA PERISTIL Blan Minustha yo sele lespri yo Sen Jak Maje pedi epe l Boko, Dyeg, Ounsi Konzo Trase veve paswa Ak... read more >
Jean-benito Mercier, 31-Jul-08 2:54 pm
One, respe nan lakoulakay C' est excellent d' introduire une facette culturelle dans ce blog le plus souvent place sur... read more >
Jean-marie Leroy, 31-Jul-08 6:57 pm

 

< Previous | Home | Next >