ANBA PERISTIL Blan Minustha yo sele lespri yo Sen Jak Maje...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 10176

ANBA PERISTIL
Blan Minustha yo sele lespri yo
Sen Jak Maje pedi epe l
Boko, Dyeg, Ounsi Konzo
Trase veve paswa
Ak lespri ansibemol
Vwa yo tande nan Govi
Blan tounen chwal malen
Kote poud katchapengka,
Kote ze gwojounen, lannwit
Ak midisonan yo,
Kote medsin mwen pran
Pou pase w la,
Kote ranvwa yo
Kote kout zonbi pwennfepa yo
Blan chita andedan ounfo yo
Ap fe kadejak sou Ezili Danto
Kote lespri monn envizib yo
Kote neg vanyan gason
Ki di yo te kreye monn pa yo
Deye do Papa Bondye
Blan chita nan piwog Met Agwe
Pou fe bato l fe novraj
Blan Minustha ap pase dwet yo
Nan figi Bawon Lakwa
Yap krache nan figi Bawon Sanmdi
Kote Neg ki konn tounen van yo
Ki kwe yo ka gonfle machwe yo
Pou move tan blayi
Kote neg kap kondi zonbi gwo jounen
Ak trip kod envizib yo
Kote enkantasyon, sek kabal,
Pou chase ranvwa yo
Blan Minustha yo tabli
Sou do Dayiti Toma
Yo di tout voum se pwet.

Jean-benito Mercier, July 31 2008, 2:54 PM

Topic: PWEZI KREYOL

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

ANBA PERISTIL Blan Minustha yo sele lespri yo Sen Jak Maje pedi epe l Boko, Dyeg, Ounsi Konzo Trase veve paswa Ak... read more >
Jean-benito Mercier, 31-Jul-08 2:54 pm
One, respe nan lakoulakay C' est excellent d' introduire une facette culturelle dans ce blog le plus souvent place sur... read more >
Jean-marie Leroy, 31-Jul-08 6:57 pm

 

< Previous | Home | Next >