pwezi kreyol

< Previous | Home | Next >

DAP PIYANP.

Granmet ak tout lespri yo te di
Lavi dwe viv nan bondans.

Kote l ye fok nou jwenn li
Si n manti kouri sou ponyet Jenez
Nan de natande n Jenez deklare
Denpi nou wè m fayi yon plim je
Twouse ponyet nou.
Krabiyen prale vire vodou.

Li te pale n...

Men nou se zwezo lape
Zwezo lape mouri men nan machwe
Jenez di lavi dwe dap piyanp
Lavi soti sou planet la
Pou pran refij nan pale yo
Lavi ap reyonnen sou vizaj Farizyen yo
Lavi distribiye nan tib sewom lopital
Nou se zwezo lape
Zwezo lape mouri men nan machwe
Men si lavi sikile nou ka jwenn lavi
Se pou veye lavi kote l pase
Se pou n trase trajektwa chimen lavi
Lavi pa chanje wout
Lavi pa chanje pwen kadino
Lavi pa chanje direksyon
Lavi pa chanje kourande, ni briz, ni kanalvan
Lavi genyen yon sèl itinere
Li soti kay pap li ale kay wa
Li soti kay prezidan li ale kay emira
Lavi dwe dap piyanp...

E gaye sou tout ko planet la
Tankou Jenez te di n lan
Se pou n mache sezi lavi
Men fwa sa a ak bibit nou

Jean-benito Mercier, July 31 2008, 3:15 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >