Re:Bonjou Exelans Prezidan Preval

< Previous | Home | Next >

Mwen se yon ofisye nan lame ameriken aktyelman nan vil sasebo, japon.

Exelans mwen konnen nan yon peyi kote demokrasi ap avanse pa yon bagay ki fasil ou genyen anpil pou andire oubyen sibi men kom mwen konnen ou te pase sink an sou pouvwa sa deja sa vle di ou deja konnen anpil bagay deja sa pou fe avek sa pou pa fe.an menm tan an mwen felicite ou pou travay ou nan zon kote ou soti a marmelade.Mwen swete ou konpran avek anpil presisyon itilize sans politik ou pou ou fe sa ou kapab la paske ou menm sel nan ti tan wap pase a pap kapab retire ayiti nan sa ke li tonbe oubyen sa ke nou tout ayisyen metel la.mwen pap fe exseption paske nou tout enkli nan sa l tonbe a paske nou poko we peyi nou nou we peyi moun.Tout moun vle kouri kite peyi yo pa gen moun ki vle goumen anko pou kenbe diyite yo lakay yo. Aysyen pa janm byen yon kote, nou toujou ap deplase.Mwen ta swete ke nou pran leson.

anplis tou mwen ta swete nou sispann rann lot moun responsab pou defe ke nou menm nan peyi nou paske si dans nos rangs point de traitres pa ta gen sa nou we la se nou ki bay.Nou pa janm satisfe avek yon moun chak moun gen yen yon pati yap defann men nou pa vre we peyi nou we poch nou.it is always about what's the next step.mwen santi mwen ront an tan ke ayisyen le map gade avek kamarad solda mwen yo pou mwen we sa nou nap menmen.

Li fe mal an nou sispann gade sa lot ap fe an nou sispann di si nou pa prezidan nou pap fe an nou tout mete tet ansanm pou apre tout tan sa nou te finn pran endepandans lan nou sispann depann de moun toujou.gade jan yon eleksyon pase avek anpil vol chak fwa yon peyi fe ere nou fel tou nou toujou ap imite.Mwen pa kwe ke pesonn aysyen kapab fe sa yo vle nan gouverman lot peyi yo genyen reg a suiv so geyen yon limit nan peyi nou an tou ke chak bourik bwe nan patiraj yo
peyi a kapab fe kob pa li pou regle tout sa li vle regle.Nou gen tout kote sa yo machin ap rantre tout jounen maten midi aswe ebyen pou nou antreteni rout nou yo mete yon sistem peyaj wap we potoprens ap gen souf ak sikilasyon sa, an nou fe moun peye tax ke mwen konnen nou pa vle tande si tax te yon bagay volonte lot peyi yo patap ka regle anyen peye tax se yon bagay involonte pa gen nan mande moun pou peye tax se yon bagay gouvenmen mete sou plas.trop tete lang mete problem nou rive la.le yon moun fe yon bagay kite nan peyi a an nou sispann kraze yo paske se yon defet annou plante pye bwa tan nap koupe yo nou bezwen specialize fos polis nou an etabli yon sistem entellijan nou tout biro leta yo nan lekol nan tou aktivite kap menem nan peyi a.Yon lame ki la pou defann frontye nou yo jan mwen we airport entenasyonal potoprens lan pa gen bezween genyen de airpot la yon avyasyon avek yon aiport tou kole poukisa nou pa fe li fe yon sel avyon sa yo kap fe lokal la pa bon machinn yo pote trop moun nan yo fok genyen yon leta ki san korupsyon pou anpeche dezod sa yo avek kontravansyon yon sistem judisye ki pa kanpe sou pouvwa lajan envesti nan defans peyi nou nou gen yon paket bagay pou peyi nou ka leve kote li soti a.Nou genyen yon paket minis se vre men ki job yo. minis afe etranje a ki devwa li anve diaspora.

nou genyen tout aysyen sa yo epapiye nan tout peyi si mwen komanse pale mwen pap fini.

Janel Francois, January 29 2007, 7:56 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >