Pouki konstitisyon Sou lokipasyon... Pran menn...

< Previous | Home | Next >

PRAN MENN SOUPLE N'ANGAJE
PRAN MENN SOUPLE N'ANGAJE
PRAN MENN SOUPLE N'ANGAJE
*
Pa: Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam: Adrien Wébert ( Djah OBADYA )
*
JJistis pa zandolit poukil zap bwa pini...?

Tandem si konsyans nou kanpe'n lwen sitirè.

Peyim paw laboratwa pou krim fran tirè:
( Jij...

Tanw bafwe Jistis pitow bwè lasini

Letranje pa'p rakontew poukil pè Jimi.
Se dwaw pou defann tèt ou ak fanmiw vikè.

Sak met zenglendo rafle'n kon boutèy likè:
( "Eskanmòtè letranje plante'n pitimi...

?" )

Desepsyon lakou lekòl deranje fanmi
Revè " Ekonomik " vann bato 'k souw lanmè
Kaptenn bezwen kalibre konpal konw granmè
Debak bank mache lib bouye sèvol zanmi.

Krèm pitit tè d'Ayiti nan Etazini
Kap chache kwen lavi pa'p zonbi trèy fize
Jou malè deklannche tram trèv ras refize
Anba dram Jistis lwa migrasyon Malfini...

Sitiyasyonn pa'p menajew jouk tanw fini.
Pouvwa mal jere twouble sèvo tèmerè:
Kot satisfaksyon Zak prejijew bann erè
Sakaj awogans brital sou moun dikini.

Lodas bann lawòt men boustè lekonomi
Dereglemanw plonje nan dèt pou kriz lagè
Kouraj ak san pèp akwe kon fòs zizagè
Lejemoni katapilte kont Nawomi.

Aborijèn nativ endijèn zil Bimini
Afriken karayibeyen nanw dans balè
Azyatik Ewopeyen dedouble valè
Prim Konsila meriken prann katimini.

Aktyalitew make'n plimay kanw moun vini
Dyòb kapitalis anbeliw kou dlo nan vè
Klas Pèp kap chanje gouvènman vire lanvè:
Donasyon Kat rezidans fyew Etazini...?

Kontrebann moun rich detenn fo kòl Kazimi
Peyin fòme dyanm pouw jou kon jodi bonè
Minustah detounen sou wout gadyen lonè:
( "Pa fè Lwaw betize Dwa'n machann mayi mi...

!" )

Ayiti pa'p antrave nan " dèt " bannann mi
Kalamite konte'n reglemanl sann flate
Lagè ideyolojik fanatik mate
Pouw denmen miyò kadre tout pitit manmi.

( Gad pòtre ti lezanj anba blòk vi-fini

Enkonpetans pa'p divilge rapò malè.

Menl kab met pouvwa'n mache pranw tobout palè:
( "Desas detwonpew " chabak "...

! W'an katimini...

?" )

Christonardeni
Christonardeni
Christonardeni

18 Novanm 2008
Central park
Man Hat Tan, Nouyòk, USA

Enprimati: Adrien Chenet ®©
Imprimatur: Adrien Chenet ®©
Otè: Christonardeni/Adrien Chenet ®©
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon: Adrien Chenet ®©
Authentification: Adrien Chenet ®©
Tout Dwa Rezève ®© MMVIII (2008)
Copy Right ®© MMVIII ( 2008 )

*

Adrien Chenet, February 20 2009, 7:34 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >