La Vi Moun pa Jwèt 5

< Previous | Home | Next >

DWAM KONSèY DWAM
DWAM KONSèY DWAM
&#916;&#937;&#913;&#924; &#922;&#927;&#925;&#931;&#9117;&#936; &#916;&#937;&#913;&#924;
*
Pa Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam: ( X

Dedikas pou: Adrien Webert (OBADYA)
Brignol Lindor
*
ZZafè zago fè sil ta vann konfyans lapen
Jou dezas forè vante konsyans linivè
Sou dèt Pouvwa mati Christ pouw mond a lanvè:
( Pyè loray pa'p dyamanw koulèv anba sapen

Rasis sosyete'n met koukouy klere'n mwa Jen
Kot doulè vwazinaj detwonnen nanm bovè...

Se dwe sak fèw bande je'w pou drive sovè:
( Gen lè lanmou bife nonl kot penl anfounen

Nèg lakay m pa chicha kap soufle zong pouw pen.
kouw kwè m tap denonse byenfetèm pou lwanj vè:
( Grangou nan vant pa dous menm siw ganw min sevè...

)
Ri dèmirak pa'p lagew pou manje kwout nen

Fè moun abi pa'p anrichiw pouw sèl Jounen
Menm si trèv bay fanmiw make nonw souw Kouvè
Pou kantamwa pa jwew move tou pòt ouvè
Sou lisyè kay kadav tout moun menw desounen.

*
Dlo remòw pa'p mennen Webè frèm retounen
Nan jwisans lavil klase konbal tèt bravè
Nas pouvwaw bare kat pwen kadino "Gravè"
Depi pwòp nwit san inonsanl te fin drennen.

*
Makem mal lavi sou pistonw djak anchennen...

!
Lagè sonw jwèt bon boul...

Marel kach sou revè...?

Dedwanel lwanj pou sosyew...

Karaktèl sevè

Dòz pouvwa mò injis met la foud dechennen

Konviksyon moun fè bon karaktèn pa trennen...

Menm nan move joul Ayiti pat krenn bavè
Pouki nap jwe bas sou tanbou kakas Pavè...?

Sak fèn renmen wè kalbas tèt moun Kankannen

Louvri Chaa gade pou wè kibòw ye an fen...

Ankadremanw...

" Eskwad...

" depasem bò nevè...

!
Dizuit Novanm demilkat...

Kot " PAX " tap rann vè.

Jou frèm tonbe nanw gétapanw kouyon malen.

*
Syèl pat mande'n olokos frèm pou bon pafen
Nan Kafou Peyan sot sou bèlè wout kalvè...?

Kacho channmas pa sant fòmasyon mèt Galvè
Kontra la Pè pa'p fòsèn soulve sèkèy nen

Sam vle diw zanmim: " Kwèl...

Inifòm pa fèw sen....

! "
Ou relem " Espyon...

! " Men pyon laviw ganw revè...

!
Ou tap touyem konw deranje kraze yon vè...

Sou mwenw tire...

Disèt janvye...?

Sak vlem defen

Ayiti tap paradin sil pat òfelen...

!
Ganizonw pat baw lòd pou granmesiw ti vè...

M' vle kwè zam ak zak konfyolow kabrew livè...

Wap sonjem si tèt ou kab gide kòw maren

Wap brake moun peyim kon bannann nanw jaden
Kot flè arawout ki dekore chwal bivè
Kab temwen sangen devan tribinal pivè
Jou klòch JiJ popilè met klòch legliz sonnen.

*
Sou fò masak trèt kab sakrifyew pouw monnen.

Konsèy sekirite banm kle kòf kadavè
Pou viris konpitè pa trape rapòw vè...

Ayiti pa pou vann " Minustah " dwe Konnen.

*
Detrès peyim angajem nan chwa mawonnen
Danje ak tribilasyon pèp nan baz kouvè
Gong sitiyasyon Esklavaj modèn ouvè:
( Sosis " Swat-Simo...

" mare sou dom...

Byen Men...

Nen

Sak diw nou bon zanfan pou pase'n nan tenten...?

Tab gani palè anfle kèw pou bon savè...

Sable chanpay vlew souse myèl kòktèl navè:
Move Zangi palew mal Zòrèy ou kònen

Dwa moun ak tout Dwa pèp ap dòmi sou mò zen
Kot Diplomasi Dwòg ak zam met SAN fonn vè
Pou machann tezon boutèy arimen po vè
Poud Dakdak ak pafen My Dream anba nen sen.
*
Move tretman nou banm tap fè figim fennen
Kot trajedi deziyon banm wòl eskivè:
Atansyon Klou dereglemann kloun achivè...

Pa planke'n souw wout vanjans-san-pèp tann pèlen

Demilsenk pat baw zetrenn longvim...

Se sèten...

!
Pou tal fè kontrebann zòt mache an travè
Sou kadav Jounalis bal ou vann mouch ak vè...

Dim pouki: " FA do Fò " pat " LANP " ri sen maten..."?

Christonardeni
Christonardeni
&#935;&#951;&#961;&#953;&#963;&#964;&#959;&#957;&#945;&#961;&#948;&#949;&#957;&#953;
Me 2008
ChurchAV & Rogers AV.
Brooklyn, New York, USA

Enprimati: Adrien Chenet ®©
Imprimatur: Adrien Chenet ®©
Otè: Christonardeni/Adrien Chenet ®©
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon: Adrien Chenet ®©
Authentification: Adrien Chenet ®©
Tout Dwa Resève: Adrien Chenet ® 2008 ©
Copy Right ®© 2008

*
*

Adrien Chenet Christonardeni, February 20 2009, 8:36 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen poko ka li teks la paske mwen poko salye kanmarad konba mwen nan lise fimen.Monche mwen chache ou tout kote nan... read more >
Ak100siwo, 13-Mar-09 6:48 pm

 

< Previous | Home | Next >