Se vre wi. Kreyol la se lang manman-n ak papa-n, se pou nou...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 13919

Se vre wi. Kreyol la se lang manman-n ak papa-n, se pou nou itilize li tout tan nou kapab.

Mwn renmen li pwezi sa ke Chenet sou zotobre Toussaint Louverture.

Neg sa yo te fe vale yo nan tan pa yo an fonksyon de politik ki tap dewoule nan moman an.
Jodia nou bezwen gen dezom tankou Tousaaint ki kapab pote banye demokratik la byen wo.

An nou gade kisa ki fe Toussaint Louverture moun ke li te ye a, pou nou kapab rekopye menm vale sa yo nan milye nou an jodia pou youn Ayiti miyo.

Jou va jou vyen, sa gen pou-l chanje an Ayiti.

Le sa a nou va pale kreyol nan lanmou pou yonn lot, nan tolerans la men dan la men.

An nou kanpe ansanm pou nou kapab kontinye lagasi ke Toussaint Louverture te kreye pou nou an.

Rete ak la pe epi ak ke kontan.

Jean-esdrace Germain Charles, April 7 2009, 9:17 AM

Topic: Pwezi Kreyòl Pou Tousen Louvèti pa Christonardeni

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se vre wi. Kreyol la se lang manman-n ak papa-n, se pou nou itilize li tout tan nou kapab. Mwn renmen li pwezi sa ke... read more >
Jean-esdrace Germain Charles, 7-Apr-09 9:17 am

 

< Previous | Home | Next >