wout pou ayiti

< Previous | Home | Next >

Nan moman aktyel la nou menm pep ayisyen toujou ap fe diskisyon pou nou we kijan pou nou jere peyi a.Nou toujou kwe ke tout bagay ap mache de plus en plus mieux pou Ayiti kapab rejenere menm jan li te ye nan tan lontan le yo te rele l perle des antilles.

Mwen menm an tan ke sitwayen peyi a kap viv a letranje, mwen vin remake ke si nou tout ayisyen a letranje te ka mete ansanm pou rezoud pwoblem peyi a, m si e seten tout bagay tap posib pou peyi a ranje.

Apre katastwof natirel ki te pase nan Gonayiv ak lot kote nan peyi a, mwen panse ke sa ki nan tet mwen kapab petet rapidman rezoud pwoblem yo menm si li gen dwa a pe pre yon ka ladan yo konsenan plizye mwayen pou rebati wout pou Ayiti.

Prezidan Preval, depi 7 Fevriye 1996, pat pwomet pep la anyen de sa l'ap fe pou peyi a menm ke li gen plan pou sa e m dako ave l a 100%, sinon t'ap genyen paket konplent pou sa l te pwomet yo kapab execute.Nan plan pam nan, mwayen pou ta rebati wout yo se bati wout "toll" yo nan chak depatman peyi a. Fason m tap fe yo se mete yo nan wout prensipal yo kote pep la ap plede vwayaje kotidyenman tankou wout national yo. Pou Port-au-Prnice m tap mete 3 toll nan soti 3 wout national yo kote ki pa gen ti wout pou pep la pase pou anpeche sa fonksyone, e pou Gonaives, M tap fe 3 toll egalman nan antre soti Port au Prince ak nan antre soti o Cap Haitien e ak nan antre soti Jn Rabel, Anse Rouge ...

pou Hinche lan m tap mete 2 ladan yo tou. epitou nan antre lot chak chef-lieu depatman an tankou Cayes, Fort-Liberte, Cap-Haitien, Port-de-Paix, Jacmel, Jeremie, ...

M panse ke si nou apiye ak lide kem ba nou pou tout moun kapab mete tet ansanm, m santi ke sa ta fem plezi si nou fe sa vre.

Konparativman ak kesyon wout "toll" la, ide pam nan se pran enfomasyon sou chak machin ki peye "toll" la tankou plak, mak e model machin nan epi koule machin nan tou. Plis anko nou tou fe l peye pou 1 journee c-a-d si menm moun sa a pase nan menm toll la pandan menm jounen sa a, avek recu ki gen tout enfomasyon machin nan san ere, li pa bezwen peye anko, men si nan menm jounen an li pase nan yon lot "toll", fo li peye li paske chak "toll" la gen destinasyon pa yo e sitou pou nou nimewote "toll" sa yo.M swete le nou resevwa mesaj e ke li akonpli m sur et certain travay la ap reyisi kanmenm.

Nan ka sa a si posib le travay sa a ap fet, fo nou mete nou tres intelligent pou nou pa nan fe defisi nan planifikasyon sa a e se 1 travay ki tre fasil dapre opinyon pam pou nou pa rete chita gade ak de men nan tet nou.

Mwen felisite Prezidan Preval ak tout staff li yo ki fe sa sa yo kapab pou mete peyi a stab. Mwen menm an tan ke sitwayen mwen pote youn nan fason ki posib dapre idem ki ka ranje 1 nan pati nan peyi e map kontinye reflechi pou pote 1 nouvel ba nou nan mete tet nou ansanm pou Ayiti kapab reviv.

Mesi

Ehlert Exceus, April 20 2009, 1:40 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mon che konpatriot, veritab pwoblem peyi-a se yon kesyon de pet de konfyans. Si nou pa gen yon konpotman ki enspire... read more >
Ti Jas, 20-Apr-09 5:10 pm
monche ou we sa ou di a moin te chita epi moin reflechi sou li anpil bien lontan. moin te chite nan you machin trafic... read more >
Han, 20-Apr-09 11:43 pm

 

< Previous | Home | Next >