Pwezi Kreyòl Ayisyen Christonardeni/Adrien Chenet

< Previous | Home | Next >

LODAS KANIKIL FLANBE KOUTWAZI DIPLOMASI
LODAS KANIKIL FLANBE KOUTWAZI DIPLOMASI
LODAS KANIKIL FLANBE KOUTWAZI DIPLOMASI
*
Pa: Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam: -Bastien Sony -Adrien Wèbert (Djah Obadya)-
Adrien Joseph Frédéric (La Fleur)-Durocher Bertin Mireille-
*
Dedikas Pou:Jan Jak Desalin ( Anprè Jak Premye)
*
AAtansyon ak tantasyon chwa'n pèp peyi rich...

!
Menw okazyon poun bay pòv respèl sin pa chich.

Kot gad donè k kore lidèn vòt pèp plase
Afwon patwonnay lèz patri k brade'n klase...?

Mezantant sonw tokay ensekirite k fèb
Joun vle fè lanmoun ankadre kandè pwovèb:

( "Maladrès pa'p etenn chandèl poun ranmase
Anba mapou liv gadyen trezò manase
Kot nawè devo bay siyal kad vijilans..." )
Tou sa poun diw Pwa sekirite'n souw balans:
( Piti piti fè lonè prezidan...

Kouti men fè...

!
Adelina bèl fanm domaj...

Sa zile'n fè

Konte sanw Ayisyen sin vle teste pouvwa'n...

!
Plan revyen nasyonn fonde fòs dwa'n ak devwa'n.
Kot Kòd lonèn mare lidèn pèp byenn kadre...?

Lobedyans diplomatik kraponnenw Madre...

!
De Nasyon ap koute vwa rezonw jann diw...

!
De pèp ap tann rapistolay malantandiw...

!

De konjenè k ta bon patnè pou karaktè
Pa'p dozado pouw rezon bouch dous refraktè.

Pa tyake lespwa kanmarad lennmin ak pens
Souw doub fon trezò lavi k sere pou gran prens.

Joun byen leve...

Kèn kontan...

Solèy klere'n...

N'swe...

!
Kach kach liben k sekrè lanmou peyin fèn jwe...

Fratèze bann jwisans jwal pou rekonpans.

( Fratènize bay kalamite'n enpòtans...?

)
Menm nwizans konn chimen k kannale san malè.

Depi chwal degoutans twouble'n sou wout palè
Angajman sosyete'n pa'p rete'n pou pataj.

Pas tann konfrè sonw mistè k vow gaj repòtaj.

Mande'n pouki kanikil toufe lespwa'n...

Dye...?

Tantakil lennmin souse'n sann jèn...

Menn fin vye...?

Sapoti pa gou nan bouch...

Rezen pa'p fèn dous...

!
Kouri douvan jou...

Mache lwen grandin yon pous.
Bankè lavin zanmin drese'n sonw pyèj zakè.

Kwèl glwa sasèdòs tèni ke bazòch pakè

Depi ke depi moun kwè nan fè chèf konfyans
Youn lòt kab oswa bitò jodil san pasyans.

Osnon antyoupwèt demen senpatil chofe
Nanw kondisyon mak koutwazil bay gany twofe
Ankadremann admire san gaj chwa zòdis
Tansyon sosyete'n dekrenmen kon fyèv jonis.

Zanm pa fè mannèv detounenm sou wout pwogre
Diplomasi sonw lanp...

Sak limenn...?

De mo gre...

!
Kinanm yo se gadyen yon kilti k fèm konw wòch.
Letranje fòs kòlòwòch lanmoun plenn vle'n pwòch.
Presye lanmen onore moun kèn apresye.

Pigaw desann drapom pou foulel anba pye.

Sou chantye diplomasi brilem politès
Wa dim apre vòt pèp woulem a de vitès.
Syèl ak tè va kontre menm lanmè pa'p mele
Alewè pou masif glas souf solèy gele.
Lidèn gadyen kiltin...

Lekonomi nasyonn.

Presyel lanmen sonw koutwazi bon levasyonn.

Lanmen zanmitay ranfòse montre'n bon kè.

Men fòk " Ipokrit se lizay " pat jagon kè.

Anba nawè koutizan kap blaze'n legzanp.

Sitou nanw moman patwonnay vann mak letanp
Pouvwa pèp bay kap souke'n lelit kap ranse
Poun janbe peyin pas labirent ensanse.

Malsite'n kwaze lepe ak tristès tretmann.

Konspirasyon "byen" chèf latè k lotè toumann.

Sakaj kèn resevwa detounen sans lapè
Konfyolo matadò k'antoure'n ak frapè.

( Degizman wont poud " Le mond " planke'n pouw peyi.
Kad raliman zefèyis angaje'n keyi. )

Tan ale tan vini kondisyonn anpire.

Kantamwa rich twaze bòn mizè pòv tire.
Arivis monte lestrad ak konkou la fòs.
Twouyin anglouti Peyin konw pyèj kalabos.

Kontrefò k bay rezistans ak kouray pèp kwè:
Kou kap desounen pèp touye lanprè k konn bwè.

Tray zouzoun kap grate piskèt souw bak granri...

Kwaw zoulou kap brote sak bobomasouri.

Chwaw joujoun kap flanbe plato kasav bòdmè.

Glwaw sonsonn kap tire dlo pou machann kay pè.

Lodas syèk rezistans bay drapo'n jwa prentann.

Jwenn rekoun kont lokipasyon k bwè tout sann.

Christonardeni
Christonardeni
Christonardeni

Me 2009
Wòkfelè sentè
Man Hat Tan, Nouyòk, USA

Enprimati:Adrien Chenet ®©
Imprimatur:Adrien Chenet ®©
Otè:Christonardeni/Adrien Chenet ®©
chenetadr at yahoo.com
Otantitifikasyon: Adrien Chenet ®©
Authentification:Adrien Chenet ®©
Dwa Otè a Rezève pa: Adrien Chenet ®© MMIX ( 2009 )
Tout Dwa Rezève ®© MMIX ( 2009 )
Copy Right ®© MMIX ( 2009

Ak tout bon konpliman koutwazi plis respè sensè Otèa pou

Adrien Chenet Christonardeni, May 11 2009, 7:42 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >