Mr Preval peyi a pa enterese ou?

< Previous | Home | Next >

Se sa tout ayisyen konstate prezidan nou an ap pwan pòz li bèbè e nou konen trè byen ke se pa vwe ou pa bèbè.

monchè mwen tande pawòl la nan lari a menm jan ak tout moun ke Bill Clinton se tankou yon gouvènè lap vini monchè kòm nou wè ou pa bay moun kap viv nan peyi sa enpòtans, sil vou plè ou mèt bay etranje a ki respekte moun nan dirije paske se yon pwoblèm dirijan nou genyen nou pa gen pwoblèm peyi. Frè'm ak sè'm yo Preval pap fè anyen pou nou, kesyon nasyonalis la pa la ankò paske nou pa gen oken drapo, ti blan mwen wè nan minustah yo chire drapo sa a.

Dessalines mouri deja pwoblèm tè dessalines, petion kite bagay sa yo de kote ann gade jan pèp la ap viv.

prezidan bay Clinton pouvwa pou nou souple paske ou pa pwan responsabilite ou wap regle enterè ti minorite ki makonnen avek ou a, nou nap pase mizè nou pa menm ka manje nap bay san nou nan chomaj degize epi jounen jodi a ou pa ka siyen 200 goud pou nou ki pa menm fè anyen pou nou.
Bon Dieu pap kite peyi a konsa tande

Bon Dieu beni'w

Jean Fran Ois Vilhomme, June 10 2009, 10:11 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >