Nou pa vle manti ankò nan men gouvènman Preval la

< Previous | Home | Next >

Sa fè plis ke 4 mwa depi ke prezidan Preval voye yon delegasyon vin pale ak yon group etidyan kap etidye nan plisyè domèn ki pa medsin.

Delegasyon sa a ki te dirije pa minis sante piblik te konkli ke tout etidyan kap etidye Kiba dwe jwenn menm tretman nan men gouvènman toutotan ki li fè pati gouvènman sa a.Men minis la pa kenbe promes li si nou teni kont ke ministè la delege semèn sa a M Sanon pou li ka vin peye etidyan medsin yo salè ke yo te promèt nou chak mwa. Kounye kesyon nap poze eske se bliye yo bliye nou ou byen etidyan kap etidye enjeneri Kiba yo pa enpotan pou gouvènman an.Menm jan etidyan medsin ap pote koukou yo pou we si yo ta ameliore kondisyon viv moun an Ayiti eske nou menm tou nan domèn pa nou an nou pa ta ka pote konkou nou tou.An plis de sa Nou panse ke Prezidan konnen byen nan ki kondisyon ke nou ap etidye pafwa ki pi difisil ke etidyan medsin yo pou kisa wap favorize yon group epi lot group la yo kite yo abandone a yo menm.Mwen rete kwe menm le ke tout moun Ayiti pa gen akse ak internet men o mwen palmantè yo a li mesaj sa pou yo ka pli ou mwen panse sou ka pa nou an ki ekstrememan difisil pou de rezon kondisyon nap etidye epi gouvènman kap trete nou an paran pov le fet ke nou pap etidye medsin.

Vreman nou santi nou two abandone ni bo kote gouvèman bon nou pa menm bezwen pale de anbasad Ayiti nan Kiba pou nou sa a pa eksiste.Donk se konsa ke sitiyasyon nou ye abandon total de tout moun ki konsene pou ede nan etid nou.Mwen ta renmen konnen kounye kijan minis la santi li le ke li pran desizyon peye ti pwoteje l yo epi li kite nou tout nan menm sitiyasyon an ou pi mal ke sa. Panse yon kras anplis le ke wap vin pale ak yon group etidyan epi ou pa gen anyen de konkre ke ou ka ofri yo sinon sa ke wap pataje tout jounen nan tout kwen ki se manti.

Brase Lide, July 8 2009, 9:58 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >