Etidyan ki fin etid yo Kiba vle retounen lakay yo

< Previous | Home | Next >

Jiska prezan nap poze tet nou kesyon kote promes minis sante piblik M Alex Larsen te fe nou nan reyinyon ke nou te gen ak li nan Casa de amistad entre los pueblos nan la Havane.

M Alex Larsen te promet non selman ke nap jwenn kob ke leta Ayisyon dwe nou ke li pa jam peye nou sa fe 2 zan men li te promet nou tou le ke nou fini etid nou ke nap jwen biye pou nou retounen lakay nou. Kounye nou nan mwa out e nou pa rete anpil jou pou dele ke gouvenman kiben ba nou pou nou rete sou teritwa la fini paske ane lekol pral komanse an septanm yo bezwen plas nou yo pou mete nouvo etidyan.Nap mande reponsab gouvenman ayisyen pou li fe yon jes tou paske misyon gouvenman kiben an akopli ak nou deja donk li rete pou gouvenman pa nou an fe yon jes ak nou tou paske nou pa kapab anko.Menm le nou rele nan anbasad Ayiti ki Kiba pesonn moun paka ba nou yon repons.

Li le li tan pou gouvenman an di yon mo ak nou paske nou vle retounen lakay nou.Nou pa konn konbyen mesaj pou nou voye anko si reyelman sa se yon site moun ka komike preyokipasyon ak prezidan nou panse ke fwa sa prezidan a pran yon desizyion pou ede grou etidyan sa yo ko fin etid yo nan plizye domen men ki an difikilte pou retounen nan peyi yo pou al aplike sa ke yo aprann pandan 6 zan nan Kiba.Nou espre yon repons rapid de sitiyasyon bo kote otorite ki konsene yo.
Mesi
Goup etidyan gradye nan Kiba

Etidyan Gradye Kiba, August 5 2009, 6:37 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >