fonksyone kom moun

< Previous | Home | Next >

Si politisyen nou yo pa pran konsyens pap genyen oken pep nan kap bannou vale rezon an se paske nou fonksyone tankou moun ki gen konsyens.nap viv nan plen 21 em syek ministe yo pa genyen oken sistem enfomitize, nou toujou apfonksyone ak ti moso papye sa grav anpil.

si zanset nou yo te fe 1 janvye 1804 men paket politisyen san vizyon ke nou gen jodia kisa yo regle, kisa nap kite pou timoun kap vini yo kom istwa.nou prefere mache mande charite lot bo dlo pandan nou genyen yon paket te ak dlo kap gaspiye.

mas pep la pa ka manje epi nap mache ak yon paket sekirite deye nou, nap depanse paketlajan nan vwayaje nan peyi etranje.mwen pa kapab pale de politisyen paske sa mwen yo pa politisyen pou yo politisyen fok ou gen konsyen ak sansibilite ak yon politik, pandan nap derore fre nou, nou kwe ke se sa a ki rele politik sa se kriminalite, le ou pa prann le moun ap soufri, pa kapab ale lekol, kapab ale we dokte se yon krim sa ye, le yon pa menm gen akse ak bezwen prime yo sa se yon.nou gen anpil moun ki gen konesans men ki pa gen sajes ki se bon sans ak abilite pou fe bon desizyon.gade eta devan yon epot entenasyonal premyen imaj yon pep. toupre pale a chaje ak fatra si lakay nou pwop poukisa lari pa kapab pwop tou.si lakay ou pa manje sou fatra pou ki rezon ou aksepte lot yo ap manje sou fatra.nou inimen.

sanble nou pa kominike ak res mond lan. trete moun tankou moun epi tou panse tankou paske istwa ap kondane nou.se pa le yon moun nan prizon selman li kondane men se aksyon ki detemine kondanasyon.

jenes la vle viv ba li yon chans, jenes la nouvo referans istorik.

se pou nou sispann repete istwa men se pou fe istwa.

ke Bondye beni w .pa bliye fonksyone kom moun.

Wikenson Joseph, November 19 2009, 10:37 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >