petisyon rel pitit peyi a kont kep la

< Previous | Home | Next >

PETISYON REL PITIT PEYI A KONT KEP LA
rppkontkepla at gmail.com

Nou menm Pati Politik, Ă'ganizasyon nan Sosyete sivil la ak sitwayen ki pete kout rèl saa, denonse ak tout fòs nou zak kòripsyon, imoralite, chantay ak briganday politik dirijan peyi a ak KEP saa, ki lage peyi a nan lobèy gagòt maskarad eleksyon.

Nou pete kout rèl saa pou nou di non kont tout gaspiyay detounman lajan leta. Sa vle di, move itilizasyon ti kòb taks malere malerèz ak sitwayen onèt kap redi travay.

Nou pete kout rèl saa pou nou di non kont zak imoral otorite leta yo ki fè Palè Nasyonal la tounen lokal yon pati politik ak biwo magouy tout kalite, trayizon, konplo, machanday elatriye.

Nou pete kout rèl saa pou nou di non kont zak makawon, ilegal, imoral sa yo, k'ap asasinen demokrasi nan peyi a ak konplisite kominote entenasyonal la.

Nou pete kout rèl saa pou nou di Prezidan Preval kanpe la, nou p'ap asepte lòt eleksyon fo mamit òganize ankò nan peyi a. Nou mande :
Asosiyasyon Vodouizan yo, legliz katolik, legliz pwotestan ak tout lòt enstitisyon ki gen reprezantan yo nan KEP saa, onon fòs moral yo senbolize nan sosyete a, retire manm yo nan Konsèy Elektoral restavèk saa.
Palmantè ki gen diyite toujou, mete ak pèp la pou bloke machin antipèp, antidemokratik saa, k'ap mennen peyi a nan tchouboum.

Nou vle:
Yon lòt KEP ki dwe fòme nan tèt ansanm ant tout pati politik ak enstitisyon nan sosyete sivil la, ki respekte tèt yo.
Nouvo KEP saa dwe asepte tout pati politik patisipe nan eleksyon yo san pati pri.
Nou pwofite lanse yon apèl patriyotik bay:
Tout pati politik ki plase entere peyi a anvan tout bagay, pou yo kwape demach eleksyon sa yo ki pa respekte règ jwèt demokratik la.
Tout pèp la, tout popilasyon an, leve kanpe, pou chavire KEP malonèt saa.
Potoprens 3 desanm 2009

Siyati:

Me Jean-Henry CEANT
Notaire Public

Stanley Lucas
Leader de la Diaspora

Jean Joseh Simeon, December 5 2009, 7:33 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >