to president preval

< Previous | Home | Next >

LI KLE JODI A KOUMAN MESYE SA YO INKONPETAN.NOU PA VLE DI SE FOT PRESIDAN KI SA KI RIVE A RIVE, MEN SE ROL GOUVENMAN POU LI FE PREV LEADERSHIP LE GEN YON KATASTROF KI RIVE. SE RONT POU HAITEN POU WE KOUAN PRESIDAN NOU AN PARET NAN TELEVIZION POU REPONN KESTION NAN NOM PEP HAITIEN NAN MOMAN KI PI NWA NAN HISTWA PEYI A. 6 JOU APRE DESAS LA, GOUVENMAN POKO METE SOU PYE YON EKIP, KI KA MEN'M SEPARE BAY MOUN YO CHARITE PEYI ETRANGE AP FE NOU.
NOU KONNEN PREZIDAN PREVAL SE YON BON MOUN, MEN KOUNYE A NOU BEZWEN YON MOUN KI GEN SANS LEADERSHIP KI METE SOU PYE YON GOUVENMAN IJANS, KI KA KANALIZE ED KI DEJA SOU PLAS POU SOVE LA VI MOUN KI PRAL MOURI NAN PROCHEN JOU YO SI SA PA FET. MEZANMI, FOK NOU PA BAY TET NOU MANTI, NOU TOUT PATRIOT, NOU TOUT VLE GADE SOUVERENITE PEYI A, MEN SI PA GEN YON GOUVENMAN KI PRAN AN CHAJ SEKIRITE, POU PROTEGE SA KI RETE AN VI YO.AP GEN PLIS MOUN KI MOURI.

E SE AK DLO NAN JE MAP EKRI SA, SE POU PRESIDAN PREVAL PRAN KOURAJ LI AK 2 MEN, POU LI REKONET KE EVENMAN SA A DEPASE LI, POU LI BAY SOLDA AMERICAN KI DEJA SOU TERIN AN KONTROL PEYI A. E HAITIEN KI KAPAB AVA POTE KOLE AVE YO, POU FE YON KOUVENMAN DE SOVTAJ.

PRESIDAN PREVAL NOU KONNEN SE PA FOT, EPI LISTWA A DI OU MESI. E SA PAP FE OU PA NATIONALIS POU SA. ANKO YON FWA PRESIDAN PREVAL NOU DI OU MESI, POU AKTION KOURAJ SA A NAN NON 80,000 MIL MOUN SA YO KI MOURI.

PA BLYE LE MOND ANTYE AP GADE.

Cogito, January 19 2010, 12:02 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >