An nou sove timoun an ba zaj yo

< Previous | Home | Next >

Mwen ta renmen mande pou responsab ayisyen yo ouvri kek hopital de fortune pou timoun an ba zaj yo ka resevwa swen. Mwen deja pale ak kek paran ki nan potoprens, yo dim timoun piti piti yo gen gwo pwoblem kounya.

Anpil nan yo gen dyare, anpil nan yo fe enfeksyon poutan lopital de fotin kap bay swen yo pa vle resevwa kategori timoun sa yo. Tanpri mwen mande pou moun kap pran desizyon yo panche prese prese sou ka ti bebe sa yo tou. Peyi a gen gwo problem men se pou nou mete tet nou en plas pou nou ka kontinye ede tout kategori moun kap soufri nan peyi a. Map di prezidan ayiti a genbe tet li sou de zepol pou li ka kontinye ede pep ayisyen san pas pou ki. Map di tout moun entevni rapid rapid pou sove pil timoun an ba zaj yo kap fin mouri an ba dyare, enfeksyon nan moman nap pale la. Mesi tout moun!

Fulbert Charles, February 2 2010, 1:37 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >