Edikasyon pou tout Ayisyen

< Previous | Home | Next >

Moun kap li listwa peyi pre e kap fe resansman zak agresyon kont nasyon ayisyen an, si yo siv pakou listwa peyi a byen, ap rive bouti ak twa gwo krim ki kontinye ap rann peyi a kwatyoko jouk jounen jodi a.Men map panse li enpotan pou minis Edikasyon nasyonal la, rekte Inivesite Leta Dayiti byen enbi de zak sa yo pou kapab bay yon repons apwopriye ak anple pwoblem yo kreye andedan peyi Dayiti.

premye zak la: se esklavaj Neg nwe peyi Dayiti kote edikasyon te rive entedi pou nou. Kidonk sistem kolonyal la, ki te defini estati Ayisyen yo, te klase yo kom bet e edikasyon pa te fet pou yo.Tout moun ke sistem la te trape ki tap louvri je esklav yo nan montre yo li ak ekri te rive pini. Orezime kolon franse yo te reyalize ke analfabetism se yon zouti pisan pou kenbe neg nwe nan esklavaj, yo te soutni l joukkaske nou te goumen pou endepandans nou. Kouman dives prezidan peyi Dayiti te jere koze edikasyon an se yon lot deba.

dezyem zak la: Se te okipasyon Meriken 1915-1934.

Diran okipasyon meriken peyi Dayiti an, peyi a te genyen chans pou tabli yon sistem edikatif pou ki te kapab pwopilse devlopman e pemet li evite kao lap viv jounen jodi a. Men kom kolon franse yo, Meriken yo te reyalize ke analfabetism se te youn nan mwayen pou yo te pase 19 van sou te a kote yo tap ranmase riches ak san neg nwe peyi Dayiti.

Yo te mete peyizan yo nan esklavaj, yo te touyo, kraze ak brize e yo bannou yon lame sekeymadoule pou te antere n ak nasyon an touvivan nan represyon ak inyorans.

Kidonk pou Meriken yo, edikasyon pat merite neg nwe bosal e sovaj peyi Dayiti.Apre yo te pati, akoz politik anti-imen kont Ayisyen, peyi a te kontinye ap chante anteman l ak yon desant san fren nan yon lanfe dezom.

Yo tap prepare vwa pou Ayisyen kite peyi Dayiti pou ale bourike lakay yo, mouri nan tantativ cheche lavi miyo, kreye kondisyon pou Dominikani okipe peyi Dayiti.

Twazyem zak la: se te rey Franswa Divalye ak Janklod Divalye, kote Edikasyon te paret yon priyorite pou mande ed entenasyonal, men kote peyi a pa te janm rive benefisye devlopman yon sistem edikatif toutbonvre ki ta pemet li pran vites kwazye l. Toude sistem represif sa yo, papa ak pitit, te rive soutni e mentni grasak peyi Etazini.

Franswa te enfeyode moun nan makoutism olye l te ba yo mwayen pou te vini neg eklere, edike.

Konpe jeneral Sole mouri, Jak Estefen Aleksi, Jak Woumen, Richa Brison, siy ke edikasyon se te pwazon vyolan gouvenman l. Senbolikman edikasyon se yon bagay ke Franswa Divalye pa te janm apiye nan peyi Dayiti limenm ki te fe bri kouri nouvel gaye sou apatnans Griyo l. Franswa Divalye ak pitit li te rive kokobe lespwa peyi Dayiti e li te pote kontribisyon karebare bay pwoje blan yo.

Analfabetism se yon krim kont limanite.

Konsa gouvenman w Prezidan Prevalla genyen yon gwo defi pou l leve.Youn se tabli fe istorik yo, aprann Ayisyen konprann ke Gouvenman meriken pa renmen neg nwe peyi Dayiti, otan nou sot se otan yo ka finanse diktati kap fe antrepriz vi n fe n travay pou senkob; se pemet timoun aprann listwa Dayiti pou yo nouri ogey ki ka pwodi yon revolisyon mantal lakay yo, asavwa fok ekip li fe plan sanmanman blan meriken pou peyi Dayiti echwe; men sitou kreye kondisyon pou yon liberasyon entelektyel andedan peyi a: mwen vle di konbat mantalite kolon franse yo, konbat mantalite meriken yo, konbat mantalite retwagrad divalye a.

Pis pou solisyon:
- Panse yon sistem inivesite, men sitou yon rezo inivesite ki dwe blayi sou tout nef depatman yo. Minis edikasyon nasyonal ankolaborasyon ak Inivesite Leta Dayiti dwe we nan ki mezi yo ka mete yon inivesite nan chak depatman.

- miltipliye lise nan tout depatman, komin ak seksyon riral yo.
- kreye kondisyon pou Ayisyen yo vini entelektyelman ogeye, revolte.

Fe alafabetizasyon yon oksijen ki dwe pemet peyi a respire.

- Sispann chanjman kosmetik pou chanjman fondamantal.

Edikasyon se paspo chak Ayisyen andedan peyi Dayiti.Fok minis edikasyon an nouri filozofi ki pou fe l konprann ke li echwe si l pa kapab depase plan enmi peyi Dayiti yo, si l p kapab pwodi yon rezilta ki pou fe nasyon an, jenerasyon kap vini yo mete chapo ba devan l.
Ann defye kolon franse yo, Meriken okipasyon yo, ak Divalye yo.Ann pa bliye ke retwograd Janklod Divalye te konn voye lajan ate bay Ayisyen kou grenn mayi bay poul chak de janvye pandan Ayiti se yon nan nasyon ki genyen plis analfabet sou planet la.

Jean-benito Mercier, April 25 2007, 12:18 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >