yon moman nwa nan istwa pep aysyen

< Previous | Home | Next >

12 janvye 2010 se dat ki montre tout moun nan lemonn ke moun ki souvan jwenn chans pou dirije peyi dayti yo pa janm regle anyen, rezon an se paske apwe trenbleman de te a, moun yo pat ka jwenn menn dlo pou yo bwe kanta pou manje menn se pa pale, bagay sa a fe tout moun we kle ke moun ki souvan ap dirije yo pa janm gen yon plan pou nasyon an. anpil fwa dirijan nou yo fe gwo diskou le yap pran pouvwa a men diskou yo pa janm chita sou anyen, se yon paket fo pwomes ki toujou fe malere panse mize li pwal chanje apwe 7 fevrye.

tranbleman de te a mete tout dirijan aysyen yo tou touni, si ou pa respekte tet ou pap gen moun kap respekte ou. dirijan asysyen yo pa gen okenn respe pou lavi moun, se sa ki fe nou nan eta sa a. dirijan aysyen pa kwe nan sa ki bon se sa ki fe yo pa pwodwi anyen ki bon. dirijan nou yo fye le yo malad pou yo vin we dokte etazini, sa ta dwe yon wont pou yo men yo fye pito sa vle di yo pap janm travay pou mete bon lopital nan peyi a, paske yo jwenn lot kote pou yo ale kay dokte, dirijan nou yo lakoz yon fenwa desepsyon ak imilyasyon kouvri nasyon an.sa ki pou ritire nou nan sa ke nou ye la a:se pou moun kap dirije yo aprann wont, se pou yo respekte lavi moun, se pou yo konnen ke tout sa yo fe ki mal nan lavi sa a lap gen pou l swiv yo jiske nan letenite, mete bon lekol nan tout peyi a, mete lekol teknik, envesti nan jenes la, mete yon fon disponib pou sa ki pi pov yo, egzije legliz yo pou yo gen yon plan pou ede manb yo sa vle di yon legize ta dwe gen yon lekol klasik, pwrofesyonel ak yon sant sante ak bon pri.epi fe tout moun respekte lalwa, fe edikasyan sivik nan tout lekol yo egzije direkte lekol yo mete yon kou biblik pou elev yo, fasilite diaspora yo vinn enveti nan peyi a, pa fe yo peye twop enpo, epi louvri yon kont, mande chak diaspora pou fe yon kado a peyi dayti men fok nou bay garanti ke lajan an pap fe chemen kochi.nou gen yon chans pou nou fe fenwa sa a disparet sou chemen pep asysyen, nou gen anpil kouraj, nou vle viv men fok dirijan yo ban nou yo chans.tout moun ap ranmase lajan sou pep la, sou tout sit entenet se ayti paske sityasyan sa a fe anpil moun byen.epi tou twop O.N.G nan peyi a bagay sa a se yon gwo tet chaje.

an nou pran destine nou an men.leve se pa le pou wap domi nan labou, se le pou nou fe bel bagay.

fenwa desepsyon soti. se pou nou panse yon lot fason pou nou ka viv yon lot fason paske jan ou panse se jan ou aji.yon lot kalite aysyen ap fe yon lot kalite Ayiti.yon lot kalite jenes ap fe yon lot kalite dirijan.mesi

Wikenson Joseph, March 6 2010, 5:08 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >