Lafen Ann Ayiti

< Previous | Home | Next >

Ayiti pa dwe peri!
Pandan l enpòtan pou felisite gouvènman aktyèl la pou jefò kap antreprann pou remèt peyi Dayiti sou ray devlopman, li enpòtan tou pou kenbe tout bagay yo anpèspektiv ak yon rega analitik, istorik e objektif.

Konsa refleksyon tribòbabò va pemèt otorite leta yo anpatikilye manm gouvènman Premye Minis Jak Edwa Aleksi ajiste chan vozyon l nan travay pou pwogrè nanchyon peyi Dayiti, mwen vle di nan enterè pèp Ayisyen anjeneral.

Jodi a refleksyon n pral pote sou youn nan eleman esansyèl nan konpòzant zafè dwa moun. Nou chwazi aspè sa a paske dwa moun enterese n anpil yon mannyè global, men sitou dwa Ayisyen kap viv anba drapo yo nan peyi Dayiti.

Eleman sa a se lafen nan peyi Dayiti e fonksyon yon enstans tankou Ministè Lagrikilti.

Kidonk pas la se pou Agwonòm Franswa Sevren.

Nan divès sosyete, moun antre koze lamanjay anba bannyè dwa moun, nou menm nap mete l anba lobedyans dwa sakre lavi kretyen vivan yo. Nou kwè ke genyen anpil jefò kap antreprann e yo bay bon siy nan rezoud yon ansanm pwoblèm kap kwape peyi Dayiti, mwen vle di konpatriyòt nou yo andedan peyi a nan tout rakwen peyi a. Pou sa nou pa janm bouke eksprime yon ansanm enkyetid ke n genyen nan jan divès gouvènman andedan ann Ayiti ap pwoche pwoblèm sa a. Katastwèf pa bouke frape pòt kay chak grenn Ayisyen andedan peyi e li sanble ke evenman sa yo pa soulve yon plim sou do dirijan yo paske pou yo, yo rive iminize kont lafen ak lasoufrans paske yap dirije pòs leta ki pèmèt yo manje vant deboutonnen.

Malerezman Ayiti ki se yon peyi ak anpil potansyèl agrikòl pankò janm ka rive pran ankont done enpotan sa a pou rive kanalize devlopman peyi a, e menm anvan sa, satisfè bezwen primè Ayisyen yo: ba yo lamanjay.

Li rete klè ke Premye Minis la ak Minis Lagrikilti a ap debouye yo tankou Mèt Jan Jak pou rive reponn ak kèk ekzijans sosyete a, men pou nou se pankò koze an sa.

Annefè tout sa nap konstate pou jouk kounye a se repetisyon yon fòm konpòtman ki genyen kòm korolè depandans peyi a nan tout domenn, anpatikilye nan domenn agrikilti paske pandan peyi Dayiti chita lap resevwa èd entènasyonal nan men tout lòt peyi genyen yon absans total inisyativ, foròm, konferans, rasanbleman nasyonal bò kote otorite leta yo pou ale nan rasin pwoblèm lan. Se yon bon bagay ke genyen kèk bon samariten kap lage lasibab nan bòl ble nou, men se tout yon lòt gam koze pou Ayisyen yo, aktè politik yo, manm gouvènman yo chèche wè gwo tablo a, chèche pwoblèm anfonksyon jenerasyon kap vini yo. Nou konstate ke late ap rete late kelkeswa sikonstans yo, li se yon enstriman ki pou pèmèt reyalize pwojè imen n. Konsa pwoblèm nan andedan Ayiti se pa latè ki pa pwodi se pitou noumenm ki inyoran nan fè latè pwodi.

Atitid ki predispoze n pou resevwa èd nan men kominote entènasyonal la dwe double ak yon sansasyon enkonfò, ak yon sousi moral pou depase sitiyasyon mandyansite nou ladan l la. Nou pap pale prezizeman sou koperasyon bilateral, trilateral ki pap mete peyi a pi fon anba depandans peyi etranje, menmsi nou kapab devlope menm atitid la anvè yo tou kote nou chita ap resevwa san nou pa pwodi.

Gouvènman yo toujou kontribiye nan rann peyi a pi depandan manda pa manda.

Nou konstate menm konpòtman bò kote kòministeryèl gouvènman Premye Minis Jak Edwa Aleksi a paske Agwonòm Franswa Sevren ki genyen vant nasyon an nan men l pankò pran direksyon tele nasyonal pou eksplike byen klè ki direksyon li konte pran pou pèmèt Ayiti soti nan sitiyasyon depandans alimantè a, li lè li tan pou ti Ayisyen yo jwenn manje pou yo manje, li lè li tan pou dlo rive disponib pou awoze tè yo. Se efektivman sa a ki ogmante enkyetid nou paske pwoblèm yo pa rive poze yon mannye makwo devan nasyon an, nou konstate yon mòd fonksyonnman tikounouk ki fè Minis yo elabore pwojè nan dimansyon dire manda yo o sinon anfonksyon ti rès tan yo genyen pou yo viv, kontou orizon pwoblem se limit lakay yo. Kibo, ki direksyon Agwonom Franswa Sevren vle fè vant peyi prran pèsonn pa konnen.

Le ti Ayisyen ap mouri grangou pa sanble kwaze lespri Premye Minis gouvènman Prezidan Preval la ni Agwonòm Franswa Sevren.

Ki lòt latifundia ki genyen nan peyi Dayiti apre Vale Latibonit?

Ki dispozisyon ki pran pou valorize vale a e rann li pi pwodiktif, pi rantab?

Nan koperasyon ak lòt peyi yo ki ensistans ki mete sou devlopman koperasyon teknik pa ekzanp Ayiti ka pwofite anpil nan koperasyon teknik ak yon peyi tankou Lachin sou zafè pwodiktivite nan Vale Latibonit.

Eske se yon altènativ ke Agwonòm Franswa Sevren ap anvizaje?

O petèt tout peyi ki genyen siksè nan kilti diri ta dwe fè pati lis Ministè Agrikilti konsa peyi ta ka pwofite tout fòm pwogrè teknik ki ka aplikab nan Vale a. O menm remèt Vale bay yon ekip teknisyen Chinwa pou wè kisa yo ka fè ak li nan peryòd tan detèmine.

Resevwa manje nan men peyi etranje dwe ekskli nan kad yon plan devlopman nasyonal serye, li se yon kouto file debò e li reponn, se yon solisyon imedyat e tanporè pou moman an. Nou pa kwè ke otorite leta yo ap louvri je yo gran ase, menm pi gran ke chan pwòp pòpyè yo ka rive kouvri e sa a se pi gwo enkyetid ke n genyen paske nap di yon gouvènman ki chaje ak lejitimite ke pèp Ayisyen envesti nan li pa rive fè peyi pran yon direksyon ki bay Ayiti chans soti nan lanmè krim ke lafen ap koze andedan peyi Dayiti e byen nou dwe koumanse panse ak suisid kolektif.

Nap redi l li enpòtan pou resansman vrè kapasite agrikòl peyi a fèt e done sa yo dwe antre e disponib nan domenn piblik.

Agwonèm Sevren dwe kadriye peyi a e lokalize latifundia yo e konsidere ki fòm kilti ki kapab devlope sou yo. Fòk Agwonòm sevren sispann resevwa manje direkman nan men donatè entènasyonal yo e mande yo asistans teknik pou peyi a pwodi pwòp manje l konsa pou n brize sik mandyansite; pou pèmèt divès enstalasyon agwoendistriyèl nan rejyon kle peyi a, nan gran vil yo anvan yo blayi sou tout kò peyi nan kolaborasyon ak gwoupman koperativ lokal yo, asosyasyon tiplantè y; Agwonòm la dwe mande asistans olye l resevwa manje pou modènize mòd pwodiksyon agrikòl ki nan peyi denpi tikonkonm tap goumen ak berejèn; Agwonòm Sevren dwe panse antèm revolisyon agrikòl, yon revolisyon agrikòl nasyonal paske li pa posib pou Depatman Agrikilti chita ap fè pansman agrikòl o adokinay agrikòl se pou genyen yon vrè plan devlopman ki kouvri tout lespas tèritwa peyi Dayiti nan konbit nasyonal pou kwape lafen.

Nan yon peyi otman agrikòl moun pa dwe ap mouri grangou se jisteman ensifizans refleksyon dirijan nou yo ki trennen peyi a nan kalfou ki sanble enkontounab sa a.
Nou panse yon Minis Agrikilti nan yon peyi dwe rann kont sou poukisa peyi nan lafen si li rive nan lafen.

Kidonk Agwonòm Franswa Sevren dwe tout peyi Dayiti yon eksplikasyon sou ki direksyon li konte pran pou rezoud pwoblèm lafen paske lap twò fasil pou minis sou minis agrikilti ap pase tandiske peyi a ap antre nan grangou pirèd. Finalaman Palmantè yo dwe genyen yon travay fondamantal pou yo fè nan sans sa a ki se envite Minis Agrikilti a pou reponn ak ekzijans konpleksite zafè lamanjay ap poze nan peyi Dayiti o sinon si se pa Minis Agrikilti se dwe Premye Minis la. Ministè Lagrikilti sitou nan peyi Dayiti pa dwe yon lespas lejyati kote tinèg chita ap fè literati agrikòl nan vid, li dwe se yon lespas refleksyon pou rezoud gwo defi ke lanati ap mete douvan peyi a, li dwe se yon lespas lespwa pou sove jenerasyon kap vini yo. Agwonòm Sevren vant peyi Dayiti sou kont ou !

Jean-Benito Mercier
Kansas City, MO
Jbenito02 [at] yahoo.com

Jean-benito Mercier, May 8 2007, 2:24 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >