Ki le nap aprann

< Previous | Home | Next >

Malgre tout san ki koule anba zam pandan desantan, epi lot mwa pase-a anba debri tranblannte, ayisyen pa vle poze yo. Poze nou, pa fe gwo lide. Etranje-a vle fe pou nou sa tankou yon bann malpwop nou pat janm ka fe pou tet nou, lan pedi tan ap chache eskiz pou mize nou, lage chay sou do blan, sou do komesan (yo fout koupab se vre), men nou pa janm we ki jan nou mechan a tet nou.
Mesye kal lekol pou yo ka gen dwa foure men pran yo, poze nou. Depite yo poze nou. Senate yo poze nou. Si nou pa poze, male ap tonbe sou peyi nou anko. Wete ko nou sou kote, kite etranje montre nou sa yo rele bel wout, bel lekol, bel limye, si yap fel vre. Si nap pede fe koken pran poz nasyonalis nou (depi ki le ato-a), yap tou pran sa tankou eskiz pou yo fout vire do yo e tout moun ap ret anba tant pran bel detant san fin jiskaske yo tounen yon vre lavalas lan derryerr tout mesye liderrr yo.Le sa-a manchet ap voye adwat agoch
Se pa le moman pou koken voyepye kriye pou lajan.

Moman two grav pou nou gen tan ap voye pye. An! jan nou volo, nou panse blan ta pral lage tout lajan sa-a lan zago nou. Qui vole un oeuf volera un boeuf.

Menm plim nap vole lan biwo alevwa pou de milyar-de-dolarrr.

Vole abiye yo mesye leta yo pi red pase zenglendo gwo minywi yo epi se yo ki gen la vwa ochapit.

Poze san nou mesye liderr yo. Poze san nou! Prezidan Preval fe sa kap bon pou peyi-a. Pa koute moun pou-w fe gwo kolet a blan yo, boundarr nou tout kap pi piti

Ayisyenpatriyot, April 10 2010, 10:23 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >