Ng yo anfl pou lajan

< Previous | Home | Next >

Kouniè a nèg yo wè lajan kominoté international pap tonbé nan men yo, yo tout

lévé kont Préval, mta renmen konnen ki koté Ayiti pralé ak jan de moun sa kap

vin palé de konstitiyon, anba soufrans tragédie ke pèp la ap travèsé,mwen

mtrouvé sé yon honte li yé pou sak fine pasé nan péyi Dayiti 12 janvier, poum

nèg nwè ti zôrèy koumansé ap télékomandé pèp la poul al boulé kaotchou nan la

ri, pou yon lwa ki fine voté pou mété péyi a sou pié, an plis yap palé de

souverènté,swadizan Ke Prézidan Préval pa Réspécté Fièté,mta renmen pou yo di

mwen ki sa yo di pou Aristid ki té mennen lamé Afrik Di sid nan péyi Dayiti

pou té bali sécurité,mta renmen pou yo dim ki moune ki te mennen lamé

américaine an Ayiti pou dézamé é krazé F.A.D.H an plis mwen wè

jiska prézan lè Ayisyen tout bon yo Ap fè démach pou rétiré Ayiti nan bafon

mizé a, ou wè yon bann Azizwèl ak foto Aristid ap fè makak.

Prézidan Préval map mandé ou pou rété nan menm chimen ké ou désidé trasé a,

pou formé é pèmèt ké komision pou konstwi péyi a pasé o travay nan pi brèf

délè

Paské tout problém sa a ki fè jodi a gen nèg kap voyé pèp Ayisyen nan la ri

sé yon kéksyon ke lajan pou konstwi péyi a pap tonbé nan men yo, pou yo ka

pran plezi sou do pèp la nan gro 4/4 klimatizé, ak jen ti Fanm pié kwazé sou

tablo de Bord, pandan ke ti moun sité solèy yo nan la bou, ti moun bèlè nan

mizè,pou ti Ayisyen yo pa janm konn gou lavi miyô

Pierre, April 20 2010, 3:30 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Ou pote bon jan lide sou blog sila e ou montre nan analiz ou fe de problem peyi a ke ou pa pou divizyon e troub anndan... read more >
Tirouj, 20-Apr-10 3:57 pm

 

< Previous | Home | Next >