Omaj pou Franswa Latou

< Previous | Home | Next >

Omaj pou FRANSWA LATOU,

Yon zetwal kanpe sou pwent
Mon Lasèl, li toulimen
Li limen tèt li ak tout zòt yo
Reyon l kouvri tout zile a
Paske l se youn nan gwo zetwal yo
Pami sa Granmèt la te voye nan misyon:
Ale nan tout monn la fè tande vwa w
Misyon w akonpli Latou.

Latou lanmò pa fè w anyen
Lanmò panka touche w
Li konn sa byen...

Lanmò te ba w legen
Paske l konnen w panka mouri
Vwa w te gentan kanzo w
Vwa w te gentan fè w Achil, imòtèl.
W ap rete toulimen nan memwa m
W ap rete toulimen nan memwa zile a
Nan lanvè ak landrèt li
Nan bò isit ak bò lòtbò l
Peyi Dayiti bese chapo ba douvan w
Paske se youn nan Gouvène lawouze l yo
Yon zetwa l file...

Li file pou l klere pirèd
Li file pou l limen pirèd
Se oumenm menm Latou
Ke Ginen yo mennen w nan repozwa
Etènèl kote Grandèt yo fè sanktyè yo
Ayibobo pou ou Latou!

Jean-benito Mercier, May 24 2007, 2:26 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >