preval's government

< Previous | Home | Next >

Hi,
Mwen se yon ayisyen k'ap viv deyò peyi.Mwen ta renmen bay
opinyon mwen sou sa k'ap pase nan peyi m' ki sa ayiti.Mwen
pa konprann s'ap k'ap pase la mesye le presidan.Mwen panse yon peyi kapab continye nan fason l'ap prale.

li pa posib pou yon peyi pa gen dlo potab pou sitwayen li bwa.Pa gen lopital, edikasyon, sèvis de baz pa egziste.Peyi a pa ka ale konsa.

Environman menm se gro koze.tout pye bwa fin koupe pou fè chabon, pa janm genyen you moun ki poute fren nan sa.E gen yon gouvènman nan peyia.

Presidan Preval, Mwen te ankouraje tout fanmi m' pou yo te vote pou ou paske ou se yon moun ki genyen bòn volonte.

Ou renmen peyi w' anpil.Mwen pa panse ou se yon moun ki ap kite peyi enperialis yo jwe nan tèt ou pou ka fè sa yo vle
nan peyi ou di mwens pou vann peyi a ba yo.Lè peyi a ap mal mache konsa, nou mem ki deyò sa genyen yon move efè sou nou mesye le presidan.

Sa fè nou lèd mesye presidan.

Ou konnen menm si ou ta gen bòn volonte pou fè yon bagay nan pou ayiti si pa gen moun ki menm volonte sa nan zalantou ou, ou p'ap janm reyisi e ou parèt pou malonèt menm jan avèk yo tou?

Mesye presidan gen kèk moun ki nan
gouvènman ou an ki merite janje.

Mwen kwè ou ase entèlijan pou ou wè sa.

We, the Haitians living outside of our country, need you to be concerned about the double nationality.

we wish you
would say something in this issue.

It is not possible in this century to not admit the double nationality.

I think that would be a plus for Haiti.

At the time that the Constitution was written we were oblige to present the Constitution the way it is now.So now I believe we have to leave out some amendments or amend it.We need to go back to our country to invest, we need to help Haiti the best we can, but this constitution close the door.

Nou beswen pròp lame pa nou. Paske mwen konnen pou yon lòt ayisyen, men mwen menm mwen santi sa se yon wont pou nou.Pou se se lòt fòs lòt kote ki vin sou tè papa Desalin nan k'ap banou sekirite.

Ki lè moun sa yo te renmen Ayiti konsa pou se yo menm ki ap vin sekirize ferontyè nou yo pou nou. se pa posib.

Sa pakab fèt sou tè papa Desalin nan.Nou beswen yon fòs ki konnen Ayiti byen, ki se ayisyen, pou ba nou sekirite, pa lòt fòs lòt kote. Sa se yon wont liye pou ayiti.

Nou menm ki te ede preske tout ti peyi nan amerik la pran edepans yo pou kounye a se yo menm ki ap bannou sekirite.

Ki se sekirite li ye la. Nou besyen fòs panou, yon fòs ki pwofesyonèl.Pa yon fòs pou kou deta.

Lè m'ap tande sa ayisyen ap pase nan Repiblik Dominiken sa bay lafyèv. Li pa posib pou jan de esklav sa yo se pitit desalin yo ki ap sibi yo nan sen domeng.Pou kisa nou menm nou pa kreye chan kann pa nou so that moun sa yo pa beswen ale nan repiblik dominicen ankò.

Ya rete lakay yo travay nan chan kann pa yo.

Mesye Presidan mwen konnen ou se yon moun ki onèt e ou kapab konprann nan ki sans mwen ap pale avèk ou.Mwen ta renmen Ayiti pran yon lòt visaj sitou deyò nou lèd anpil.Problèm fatra tout bagay sa fè nou reflechi anpil.

Nou beswen yon chanjman nan peyi, yon lòt direksyon pou ayiti mesye Preval.

Fernando, June 23 2007, 6:24 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Fernando mwen konpran'n byen ou se yon ayisyen ki ta renmen tounen lakay ou yon jou, men kite'm di'w vye zanmi mwe: si... read more >
Raphael V., 24-Jun-07 9:44 am
Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:00 pm
Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:02 pm

 

< Previous | Home | Next >