Nou pa bezwen Lame konnya.

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2319

Fernando mwen konpran'n byen ou se yon ayisyen ki ta renmen tounen lakay ou yon jou, men kite'm di'w vye zanmi mwe: si nou chita ap tan ke se gouvenman ki mete dlo potab, lopital, edikasyon ak lot sevis de baz pou nou, nap tan'n jis nou tounen pwa tan. Se nou tout ki pou al mete men nan pat la si nou pa vle pita vin'n pi tris.
Konsenan komante ou fe sou lame-a, kite'm di'w: se vre se yon wont pou lame etranje vin'n okipe nou, men li pi wont toujou le se yon lame ke'w genyen ki ap sal peyi-a, kou deta sou kou deta, kade jak, fose piti fe ...

ak manman yo etc.
An nou pran yon ti tan, 10, 15, 20 tan anko pou'n fe preparasyon pou yon lot fos men'm si li ta rele lame. Le sa nap gen tan pou'n fe edikasyon sivik, promosyon sou dwa ak devwa yon sitwayen, refome la jistis epi anpil nan ansyen yo ap deja sou baton e gen ki pap la anko. Tro prese pa fe jou louvri, kenbe la zanmi'm na tande yon lot jou, salye lot yo pou mwen

Raphael V., June 24 2007, 9:44 AM

Topic: preval's government

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Fernando mwen konpran'n byen ou se yon ayisyen ki ta renmen tounen lakay ou yon jou, men kite'm di'w vye zanmi mwe: si... read more >
Raphael V., 24-Jun-07 9:44 am
Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:00 pm
Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:02 pm

 

< Previous | Home | Next >