Pwesidan Pweval se yon politisien ke yo eli pou yon manda, ki...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 23426

Pwesidan Pweval se yon politisien ke yo eli pou yon manda, ki fè tou sa ki posib e imajinab pou li fè manda li.
Koulie ya, e se dènie fwa mape pale sou vie sijè moun kape di tenten, ki pa wè pi lwen pase nen yo. Sou nen poôt jan yo ekwi.
Mounpa goumen pou peyi aletwanje, Se sou tewen yan pou ye. Si nou vle peyi chanje, Se nou tout pou ki te kanpe dèwiè pwesidan nan desizion politik li ta pe pwan pou peyi ya. Lè lajan wive nan men pwezidan, li pwan desizion politik pou li genbe pouvwa li, pase ke se politisien li ye. Mwen pa wè ki sa nape wepwoche li la.
Sa pa vle di gen mwen dakô avèk li. Men mwen wetiwe chapo devan Pwesidan pase ke li konnen ki jan pou li genbe yon pouvwa.

Men afè peyi nape pale ya (Sosial, Ekonomi, se zafè yon Lidè).

Mwen gade sakape pase avèk la pèn, men pa gen posibilite pou nou fè anyen, pase ke nou lage Pwesidan Pweval nan dan Kominote Entènasional la pou li fè politik pou kont li. E se sa ki fè tout bagay pase mal.
O lie, pou nou te fè yon sèl avèk politisien an, ou menm nou ta fè Sosial la avèk Ekonomi yan nou chita ape plen la mè ya wòch.
Li pa two ta, Ase di tenten Nou tout se Ayisien, se Dwa nou an pwemie.

Avèk Pwivilèj ke yo ba nou apwe, ke yo ka pwan. An nou fè yon sèl avèk yon sèl Filozofi.

An nou Leve Kanpe avèk Inite men nan Konfwatènite, pou nou Sèvi nou, wetiwe peyi ya nan sa li ye ya, nan okzion ke Gwo politisien yo nan peyi etwanje ape pwofite sou tèt nou, Si nou kite okazion sa ale, Se pa nou, ki nan peyi etwanje, ka pe peye sa, ni Pwesidan, ni Pwemie Minis pase e pwesan, ni Depite, Senatè, e Gwo Milât, ak Gwo Nèg Nwa ki gen Nouvo wich yo ak pitit yo ki ape etidie nan peyi etwanje.

Pase mwen mape la pou mwen gade avèk kè fè mal. Menm jan ake pwesidan Awistid.

Po diab, nan ewè politik, kape gade ak e kè sewe, nan nostalji, la pèn kote li ye ya..

Se pou sa mwen konseye.

Pou nou sispann voye monte, An nou kontinie 1990, jete sa ki pa bon. Vie politik klan 1957-jiska Pwezan, Divize pou wegne.

Pase ke Ayiti chita BòTab la lape tan'n depi 1991. Nou fè yon Inite an 2006. An nou fè yon Inite nan Konfwatènite an 2010,
An 1957 Inite Nasional Entelektièl vale moun ki san Vwa yo
An 1990 Fanmi Kote se papa ki gen tout dwa de vi e de mouwi
Fanmi Lavalas,
Fanmi se pote kole, ede.

Lavalas se detwi wavaje
filozofi sa se yon dikotomi, de bagay ki pa mache
Fanmi pa ka Lavalas.

2006 nou tounen nan Inite (Klan)
2010-2011 An nou fè yon Inite nan KON-Fwatènite, Sa vle di Avèk tout Fwè Ayisien, KON=CON=AVEC=Avèk Fraternité
Ou pa bezen Pwesidan pou nan Konbit sa. Men se pou nou gen kouraj pou nou fè yon sèl, Yon sèl Filozofi, Yon sèl Bi, Yon Sèl Pwogwam "AGRO".

Men se pa yon bagay ki fasil, depi lontan pou pwogwam sa pase nan peyi Ayiti se sa ki fè tout pwesidan oblije tounen yon Politisien entewè pa li avan. Apwe sa mafia nan peyi ya ape mete avèk Kominote Entènasional la pou jete Pwesidan.

Tout moun kape diwije peyi Dayiti ki pa gen Pwogwam sa Yo vwèman nan tenten.

Se sa ki ijan nan wekonstwiksion peyi ya la. Pou sa ki vle koute.

Malerezman

Charlot Charlemagne
Nèg Gros-Morne nan Latibonit
konfraternite at aol.com

Charlot Charlemagne, July 24 2010, 5:25 AM

Topic: Hello,mr President

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Pwesidan Pweval se yon politisien ke yo eli pou yon manda, ki fe tou sa ki posib e imajinab pou li fe manda li. Koulie... read more >
Charlot Charlemagne, 24-Jul-10 5:25 am

 

< Previous | Home | Next >