Mwen renmen Stanley Lucas ampil. Misye tap bon ampil kom...
< Previous | Home | Next >
Reply to Msg 17646
Mwen renmen Stanley Lucas ampil.
Misye tap bon ampil kom kandida e kom prezidan.
Misye se yon bon kok kalite e misye pa yon neg kap tolere dezod.
Stanley kale Aristide ak lavalas.
Mesye lavalas yo toujou ap plenyen pou jan Stanley Lucas kale yo. Stanley Lucas kale neg OEA yo tou. Mwen sonje ke mwen te gade yon video kote ambasade Luigi Enaudi (OEA) tap plenyen sou jan Stanley te kale li. Mwen sonje tou te genyen ton ambasade meriken, misye te rele Brian, misye tap plenyen menm jan paske samble Stanley te kale misye tou. Se pa ni de, ni twa blan ki tal plenyen jan Stanley kale yo. Ala yon gason solid papa! Se premye fwa mwen te gade yon video depi 30 lane kote yo montre jan yon ayisyen maton.
Nou met pale Stanley mal men se li menm ke mwen renmen.
Misye genyen vizyon.
Chak fwa Stanley louvri bouch li ou santi ke li metrize e li konnen de kisa ke lap pale. Sa mwen renmen lakay li, seke li pa janm pale pou tet li, li toujou pale pou malere ak pou peyi Dayiti.
Mwen renmen sa ampil.
Mwen konstate ke Stanley Lucas toujou rete egal a limenm.
Li pa kaponnen devan boujwa patripoch ki nan gwoup de boudon, li pa kaponnen devan Preval ak Aristie, li pa kaponnen devan etranje.
Misye pale jan li vle paske Stanley pa yon neg ki genyen zanno kay ofev. Stanley Lucas yon neg ki konsistan, map swuiv li depi plis pase 15 lane. Rayi chen di danl blanch, misye bon ampil.
Genyen 2 neg, chak fwa ke yo site nom yo Preval ak ti mesye Inite yo kaponnen e yo pa kapab domi, se Stanley Lucas, e lot la an Ayiti.
Mwen ta renmen tande yon deba radyo ant Stanley Lucas ak Stevens Benoit, 2 ti mesye sa yo bon ampil.
Carline Jeanty
Carline Jeanty, July 24 2010, 5:02 PM
Topic: Is Stanley Lucas the Next President of Haiti? by J
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >