on tes fasil to all my loved ones in Haiti

< Previous | Home | Next >

To All My Loved Ones In Haiti:

Map baw on ti tes ki pa difisil, ki tre fasil.

Si ou biliv li tro fasil e ou pase tes'la,
mwen men'm tou mwen dwe biliv kew konpran'n.
Pou'm konpran'n kew konpran'n,
m'dwe biliv ou pap pase fet nwel 2010,
dizon ane sa'a, wap domi leve anba "Tent" sa'a
ke Gwo Gwo Lougawou Modern,
ak tout sevite kip pran gwo angajman zo reken kwoke
nan goj chien madichon ave yo,
metew kom yon "HOSTAGE".

Men tes' la: si tout fwa, par exzamp,
ou ta twouvew nan on pozisyon kew plase
pou ede on gwoup moun, ki vreman kinanw
poum pa di deje nan tet ou ak kod nanbrit ou,
mwen biliv ou kapab aplike on spesyal strateji
pou regle zafe kinanw.

Mwen biliv ou kapab mete anpil tactic, m'vle di,
1) ou kapab bay manti;
2) ou kapab fe figiw pi mal pase chien mouye
nan lapli key o kenbe nan kabrit Jeantylhomme anba lakay;
3) ou kapab fe gwo gwo sakrifis kit twop pou te pouw satisfe kinanw.

E si se on gwoup moun kew rayi,
ki pa Selman few vomi chak fwaw kwaze yo sou chimenw,
Me ki koz tou gratel anvahi kow,
ki strateji ou tap itilize pou sevi ak sila parey?

Kijan de taktik ou tap itilize pouw sevi ak bagay sa'a?

E si se ou menm ki ta nan necesite ki bezwen sevis moun sa'a
kew bay gratel chak fwa li wew?

E si se ou menm ki ta "BAGAY SA'A?

Ou konpran'n tes la?

Ou ka pase tes la?

M'biliv ou ka pase tesla paske lit re tre tre fasil.

Se ti tes la sa'a wi.
Poum fini m'ap di nou, Ye oswa m'fe on rev.
M'reve mwen we Port-au-Prince fin debleye
e tout moun yo ki anba "TENT" ap domi,
bwe dlo glase, ti moun yo aj jwe ak computer,
andedan de bel "TRAILER".

M'we gen bel ti decorasyon ab de nwel andedan
ak tout deyo "TRAILER" yo.

Lavaud Hold Desmoulins, a.k.a., The C.R.J.
The Great King is Coming

Lavaud Desmoulins, October 11 2010, 8:45 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >