Nou pap vote Baker pou chanjman. Nap vote Baker pou rekonstwi...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 24460

Nou pap vote Baker pou chanjman.

Nap vote Baker pou rekonstwi peyi paske chanjman posib selman ak moun rich e non ak moun pov e se pou moun pov aksepte kolonizasyon moun rich yo pou yo ka rive. Se pou neg nwe mete bouda yo on kote pou yo lese moun rich devlope peyi a. Se sa neg nwe nan Martinique, Guadeloupe, Guyanne Francaise e lot peyi kem pa site yo fe. Milat pap janmen kite neg nwe pwogrese e yo pa ka konpran sa hein! Baker se solisyon an paske li se milat e li se moun rich tou. Yo fatige ak MINUSTAH paske yo peye yo trop lajan pou sekirite yo ak byen yo tou. Se pou tet sa li prale restore lame Dayiti.

Ameriken ap ede li fe yo e depo zam Ayisyen an ki St-Domingue ap retounen vini jwen Ayiti anko. Enbesil yo bay pou Aristide la konpran se yon bagay ke li te fe nan demantelman lame a. Milite demobilize pral retounen avek Baker pou mete lod e retabli kolonization an. Se listwa ka pe repete, frem pale sa ou konnen e pa pale chanjman.

Pale pito rekonstriksyon.

Kon Baker pran pouvwa, li pral rele tout chef vole milat technocrat yo e lap di yo sispan vole e de twa grenn nwe ki sipevize pap konnen yap kontinye vole e yo pral montre se neg nwe kap vole e yo pral mete yo deyo e administrasyon an pral rete ak milat e biwo yo pral nan dezyem floor selman e yap antre biwo pa deye building lan. Lod pral tounen nan administrasyon yo paske chef vole pral sispan vole jiskake yo retounen yon administrasyon neg nwe anko. Se listwa kap repete e nou pap pran betiz sila yo tande

Patrick, October 14 2010, 8:13 AM

Topic: Nou vle Eleksyon san magouy...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Nou pap vote Baker pou chanjman. Nap vote Baker pou rekonstwi peyi paske chanjman posib selman ak moun rich e non ak... read more >
Patrick, 14-Oct-10 8:13 am

 

< Previous | Home | Next >