A bas division pour le progres

< Previous | Home | Next >

Patrick Says...

Nan komantèw la ou di
Se sa neg nwe nan Martinique, Guadeloupe, Guyanne Francaise e lot peyi ke ou pa site yo fe.yo pa gen menm vi ak nou, dirijan itilizé Ayiti kom prèv pou tout péyi sa yo pa janm gen entansyon mandé otonomi, paské aprè 206 ané nou pa fè anyen.

Mpa la poum fè la Guerre ak piès Ayisyen, ekzanp pam se an Afrik li yé,se menm mantalité a kap fonksyoné lakay, Nèg nwè parèy mwen pa janm kontanté,e sé rézon sa a ki fè yo toujou gen di mal pou dirijé.

Tout sa ki pa renmen la verité mèt leve kont mwen se pa grave, keksyon pou neg ap vin dim, se boujwazi Ayisyen kap financé zenglendo nan peyi dayiti, si
se yon realité pouki sa nou pa devoilél, pou nou di men moune kap bay lajan pou fè dezod nan péyi a, poutan 99/100 nèg yo arété nan zinglendo, nan kidnapè se nèg nwè parèy mwen yo yé.

lajan boujwazi pa ka ta fèm ap simayé dèy nan mitan konpatriyot mwen, jan mwen wel ap fèt nan péyi Dayiti a bondié mèt touyém.

Mvlé pou yon moun banm prèv, tout la jounen se menm istwa menm penpenp la
yon Ayisyen kel te nwa li te rouge li te maron li te blanc depi li gen esperians pou poté yon solisyon, nan mizè soufrans ke pep Ayisyen ap travésé la a, se lesansiél.

Mpa nan rancune ni division, pouki sa yon blanc en afrik di sid fie le yo dil se yon sid afriken

pouki sa yon Ayisyen paka gen po klè,dim ki péyi ki pa gen boujwazi ladan, souvan sa fonksyone trè bien.

Map mandé eské se jalouzi ki kréyé tout diskriminasyon sa yo nan yon péyi

dako nou gen problèm ak mou po klè,chak fwa nou gen problem se yo menm kap

poté nou sékou, nou telman pa fè anyen, sekou yo poté ban nou te obligé al atéri st doming, paské aprè 206 ané endepandan se sèl potoprins ki gen yon ti bout aeroport ki pa menm homologué.

mpa di kem gen lespri men mpa sot.

Mpap blié komantè yon zimbabweyen ki te di se pa nomal pou katastwof sa a

ki pasé an Ayiti, li wè avion sou avion ap debaké pou édé pèp Ayisyen an, men

sa te fel mal ampil paské li pat wè yon avion ki soti an afrik pou poté

sekouris pou édé ayisyen.

Mse nèg nwè kém yé

mwen tap swiv sotaj mine yo nan peyi chili, koté prézidan Sebastian Pinera kanpé sou dé piél ak tout madanm li pliské 24 H pou akéyi chak minè ke yo mété déyo du premier jusqu'au dernier ils étaient là.

mpa wè yon nèg nwè kom Prézidan ki pral kanpé sou 2 piél san domi pliske 24
pou kompatriot li, je pense qu'il faut changer de mantalité.

Kandida pam pou Ayiti jounen jodia se Baker, men mpa fosé piès moun fè kon mwen se a ou menm de jijé, sé Démokrasi chak moun dwé chwazi kandida ou vlé
nan gran péyi kom etazini, frans, kanada
pa kon gen moun mouri nan zafè eleksyon.

men kouniè a yon eleksyon pral fèt nan péyi dayiti ou tandé gen zam kap distribié,zam sa yo se pou tiré sou moun kap fè tèt rèd, paskél pa vlé al voté pou yon moun kel pa chwazi.

Tout sa se istwa nèg nwè,li lè li tan, nou doué chanjé mantalité, pou nou ka avansé...Charles Henry Baker candidat sincère envers son pays et son peuple.

VOTEZ BAKER POUR L'AVENIR DE NOTRE PAYS

Peeter, October 14 2010, 9:57 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >