mwen bouke

< Previous | Home | Next >

Pou yon lòt fwa ankò Don Kato ki ranpli tout tou li ten gen nan figi'l ak lajan pèp la, te genyen tou Gracia Delva ki deside pa tout mwayen fok li retounen ozetazini se sa ki fè li poze kandida pou depite nan machan, e avek anpil sipriz nou te wè Gazman koulè bò kote Jude Celestin.

Pandan nou kontan ke mizisyen sa yo ap jwe wòl sitwayen ke yon genyen.

Men tou fòk yo konnen limit, si neg sa yo bezwen pou moun swiv yo anvan tou fok yo prezante yon papye ke yo te lekol paske nan moman sa ayiti plis ke jame bezwen moun ki ka panse.

Mizisyen eksepte sweet micky mete ko'w yon bo, Se Gazman ki te sa "Se Bondye ki bay epi li chwazi moun li vle" e byen fok gazman konnen tou Kayiman pa janm mete rad do'l pou li al nan fet kay reken.

A chacun son talent.

Ti Pochot, October 21 2010, 12:39 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >