pinga vote lavalas anko

< Previous | Home | Next >

Ala yon band Aveg!
Li sanble ke kek kompatriot pa janm rive utilize tout 5 sans yo nan zafe politik.

Byen ke yo gen 2 grenn je, men yo avèg passe sa'm pa konnen; sa depase imajinasyon mwen. M'ap mande'm kisa yo wè nan mouvman Lavalas la ak pitit li ki rele "Fanmi Lavalas" la pou moun sa yo ap kontinue supote je femen, patizan party Lavalas la k'ap chache poou li vini prezidan nan mwa Novanm kap vini la a! Eske yo pa janm wè tout domaj mouvman politik sa koze peyi a?

Se pandan Lavalas yo ap dirige peyi a ke chomaj rive nan prèske 90%, pa gen okenn pwogrè ekonomik ki anrejistre depi neg sa yo sou pouvwa; se pandan yo la ke pep la pedi tout sa li posede nan afe Kooperative ki samble tet koupe ak yon dezas nan zafe finans peyi, se pandan neg sa yo ap dirige ke gwo katastrof ak dezas natirèl yo frappe peyi d'Ayiti nou renmen anpil la rive. Anbaje yo la asasin, zenglendo ak kidnape paralize paralizepeyi a. Yo te mele bien fon nan zafe vyolence ak drog; vyolans tout koulkalite ak ensekirite te rive jwenn yon nivo ke nou pa janm tande ni we menm le papa Doc tap gouverne.

Anfin, se sou direksyon Lavalas peyi nou an glise fe back nan et ke jis kou nou ye a l'ap anfose pifon nan gwo twou san fon dezespwa ak lamizè malgre tout gro lajan blan je vet ak ampil lot peyi lage nan kwiy sevwa mandian san honte san santiman sa yo..

Kèk Ayisyen, pou mwen pas di si se pa majorite nan yo pa wè ke sa yo neg sa yo pa montre yo gen gason sou yo le male frappe nan pot peyi a, yo pa te prepare noi prevwa pou fe anyen le katastrof yo rive, yo pa janm gen yon plan pou ede pep la le gro kalamite tankou siklon pase. Neg sa yo fe ron aux chiens pandant evènman fatal 12 janvye 2010 la ki te rive touye plis pase 230,000 moun, ki blesse ampil mooun et ki kote plis passe yon milion moun san kay ki trouve yo anba tant jouk jounen jodia.

Neg lavalas sa yo se yon bann vole ak mandian plis enterese lonje "Couis" yo bay kominote entènasyonal la pou koleksyon asistans; An verite twa fwa, le neg sa yo ale legliz, yo lapriyè pou plus malheur ak kalamite tobe kon grenn lapli sou nou. sa ka pèmèt yo kolekte plis, e pui vole plis tou pou yo viv kon Roi sou do nou. Malgre tout bagay sa yo a, enbesil avèg san servel ki sot sot pase krab vle mete neg Lvals sa yo anko sou moun, yo vle pou neg sa yo rete sou pouvwa de kwa pou yo jwen krass manke ak koukou pain k'ap soti tombe sou tab yo

Moun sa yo pa gen okenn je yo wè sa ki gen pati politik sa a pran peyi a an otaj; koman l'ap mennen pèp l0 pi fon yo ak pi fon nan mizè.

Kontreman ak konstitisyion an, dirigeant Lavalas nan yon jou, san bat je avek yon sel kout kreyon voye passe plis ke 10,000 moun chita sou ban chomaj ak gro zam fann fwa nan men yo, sa ki rive kreye tout kalite kondition pou dezod ak ensekirite blayi ko yo sou tout peyti.

Franchman, nou pa dwe peye atansyon magouye denmon Lavalas yo kap parwaze toupatou nan tout peyi fè pwomès que yo pral fe yon kichoy.

La justice t'a dwe bare mete ola pou neg sa yo pa paticipe nan anyen et pi meto amba kod, komansdan par Jean Bertrand Aristide, ki li menm se reprezantant especial Belzebul; nonm sa se Satan an pesonn li ye. Nonm K'ap mache bwe Tafia nan tout Bwa Verna yo rele Preval la, se yon mannken, yon pope twel...depi se moun ki associe ak de malpouront sa yo, nou ta dwe koupe yo je. Pas gaspiye bilten nou pou kalite vie bagy konsa.

NON A LAVALAS.

AN NOU VOTE MOUCHE BAKER COMME PRESIDENT>

Ti Jan Danto, October 24 2010, 5:46 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

VOTEZ BAKER POUR LE RETOUR DE L'ANCIEN REGIME DES DUVALIERS. BAKER EST LE GERANT DES BIENS DE JEAN-CLAUDE, MARIE... read more >
Bernard K, 24-Oct-10 7:25 pm
AVEK BAKER DUVALIERISME PAP JANMEN FINI. BAKER VOYE DI JAN KLOD LAP FE LI TOUNEN AN AYITI 7 FEVRIYE 2011 E LI PWOMET... read more >
Sambas, 24-Oct-10 7:28 pm
this is nottrue Baker is not for lavalas, in fact he is anti-lavalas. he will not allow old generals back in the Haiti... read more >
Men Nou, 24-Oct-10 8:36 pm
DANTO, Mwen pa fin' dako avek ou! Ou di ke Aristide se represzantan Belzebul, ou di se yon Djab an personn. OU di ke... read more >
Selondie Delorme, 24-Oct-10 11:26 pm

 

< Previous | Home | Next >