Balyontitan-Sanjoupasantan

< Previous | Home | Next >

M'poko pedi lespwa.

San jou pase tanko van le ou lon sitiyasyon ke misye ranmase sou do-l la.
Se pa ti deblozay, ti koripsyon.

Chanjman lan tet la pa ko ka efektif tout otan ko-a pa ka obeyi sa tet la komande.

Se tankou yon moun kolon vetebral li kase. Tet la di ren-an "gouye" men ren-an pa fe won'n pot paske pa gen kominikasyon.

Se tankou de pati lan yon menm ko kap opere lan de mond diferan.

Sa pran tan, li gen dwa pran menm de a twa zan anvan ou we yon gouvenman kap fonksyone lan on seten lod. Jame san pou san lod sepandan.

Sa pa janm fet lan pyes peyi.
Bal yon ti tan. Premye bagay la se ensekirite-a pou-l kraze plat, epi lot bagay you ap vini.
Epi pa gen twop lajan lan kes la tou. Aristid pat kite anyen.

Latoti- Aleksan'n gen le te plen poch yo tou.
Bal yon ti tan. Kandida pa-m se te Beke menm twouve misye two prese lan kritike yon gouvenman ki fek etabli.

Pran san'n. M'kwe Preval gen bon volonte.

Depi-l pa kite papa-l aristid tounen vin mare pyel, map apiye-l net jiskaske mwen pakapab, tout otan lap fe sa ki bon.
Bal yon ti tan.
Tan pase kou van.
San jou pa san tan.
Bal yon ti tan.

Ayisyen Patriyot, August 28 2006, 4:21 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >