Mr President Rene Preval avek tou Kandida yo met tete nou ansam

< Previous | Home | Next >

Mr Prendent Rene Preval.

Mwen ap retounen pale avek ou anko sou mem message mwen te voye ba ou le 27 Novembre avan election an, mwen pa yon polikian men mwen se yon seviter Bon Dieu. Sa mwen vle di ou jodi-a, mwen konnen ou pap jam tande-m paseke ou se yon president men yon sel bagay yon president pa pi for pase Bon Dieu. 8 Decmbre ou mete peyi-a tet ba pou rien. Pou kisak fe ou asepte pou gen yon 2em tou election nan etat payi-a ye jodi-a, mwen pa we 2em tou neceser pou payi-a, pou ki sak fe nou les authorite les candida nou pa mete tet nou ansemb pou nou kite Madame Marniga ki deja elu kom president, president payi-a epi fini avek tout bagay.

Sonje 7 pou rive 9 Decembre pep's la te fe lemond antie konnen langage yo, mwen pa we reson pou nou fache sou pep's la. paseke se nou ki lakos tou sa rive apre resulta election yo, le 28 Novembre tout moun te kapab di bon gen yon candida elu epi nou ap asepte li epi fini. kounie-a nou pral mete yon lot clou sou apse-a e ki pap jam geri, li poko trota pou nou rekonsilie nou kom Authorite nan payi-a, paseke nou tout se haitian nou ye. Sonje byen payi Haiti se yon Cinema pou Blan e pep's la se yon Film pou Blan e lap ban nou lajan pou nou fe mouvie paseke chak le gen chire pit nan mitan nou se ri yap ri nou mem si nou we yo ap ban nou milion.

Sonje tout milion sa yo se achete yap achete payi-a nan men nou piti piti. Mem si ou konnen tou sa map di yo deja men sonje gen anpil haitian ki rele haitian toujou, paseke mwen konnen byen ou te konnen haiti le Francois Duvalier te la, apil haitian ap tand pou yo ta viv byen. Sonje byen Jude Celestin pat supose candida sou pouvoua ou-a pa pouse Celestin fe yon bagay ki ka vinimal pou li demen, paseke payi-a toujou la Celestin kapab pose candida apre 5 ans. Mwen pa di ou sa pou dako paseke ou gen servo wa reflechi sa ki bon pou ou. Paseke nou authorite an haiti nou gen zorej nou paka tande rel pep's la nan payi-a, nou yeux nou paka we mize pep's la nan payi-a, nou gen nen nou paka pran sant nan payi-a, e nou gen servo nou paka konprand sa kap pase nou nan payi-a. Yon sel bagay mwen konnen Bon Dieu la lap pran not tout sa kap pase. Sonje byen Mr Rene Preval mwen te di ou se ou mem ki chef payi-a ou douye konnen sa ki bon. eske ou pa we chemen prison ap signale ou, si ou pa we sa men Bon Dieu nan siel la we sa pou ou. Tanpri korige sa non lap bon pou ou w, bay diab la yon defi non an haiti.

Reuni tout candida yo fe yo mete men dan la men tankou yon roun epi antre ladan roun lan san nou pa besion di anyen apre 30 munite se va yon rekonsuliation antre nou, men pou nou fe sa fox nou konnen se haitian nou ye deja. Bonn chance

Saintil Andre, December 16 2010, 10:41 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >