Mesaje pou tout othorite kap viv nan peyi d'ayiti

< Previous | Home | Next >

Bonjou pou nou tout e bone ane 2011, mwen gen yon problem mwen ta renmen nou ede avek li. Ki problem li ye se problem konstitusyon d'ayiti.

Pou ki sa mwen di sa se paske, mwen tande anpil nan nou kap pale de yon prezidan provisoua, eske nou pa santi nou anreta pou sa, paske nou te supose panse aksa avan nou te fe Eleksyon.

Men si jodia nou arive fe Eleksyon nan peyi-a, nou depanse yon pakett lajan pou sa, men ak BonDye nou genyen yon kandida ki elu pou premie Tou. Pou ki sak fe nou oblige choisi pou nou genyen yon prezidan provisoua, pou nal depanse yon katafal lajan anko. Mem jan nou ka choisi yon prezidan provisoua nou kapab mete tet nou ansamb pou nou place prezidan ki elu pou le premie Tou kom prezidan nan peyi d'ayiti.

Map dil anko si nou fe sa se va yon gran repitasyon e respek li va ye pou nou devan le monde antie, mem pou nou ka viv nan peyi-a li va kraze anpil problem pou nou, nan moman peyi-a ap viv la se pa moman pou nou ye yon konstitusyon kap fe nou krase brize yon peyi avek tout yon pep's kap viv ladan.

K nou choisi yon prezidan provisoua, k nou asepte prezidan ki elu pou le premie Tou-a, se toujou mem bagay okontre nou appran plustan pou nou kapab fe Eleksyon nan peyi-a. Si tout moun ki kandida yo te panse afe yon bagay pou peyi-a yo tout ta va mete tet yo ansamm avek prezidan ki elu pou le premie Tou-a kom prezidan peyi d'ayiti epi yo mem lot kadida ta potekole avek prezidann.

Se sa selman mwen we e mwen ka di, apre mesage sa mwen pap jam pale anko paseke mwen pa yon politikien, ni tou mwen pa konnen yon nan nou, selman sa mwen konnen mwen renmen peyi d'ayiti.

Se sa selman mwen we ki te ka bon pou nou tout Dirijan yo, se chache respekte yon lot, se ta sa ki tap paret bon pou peyi-a. Map pose tet mwen yon kesyon chak jou, pou ki sak fe nap pale de konstitusyon ki pap mennen nou oken kote pou kouniye-a, sa se yon gro maladi li ye pou peyi-a e pou nou tout kap viv nan peyi d'ayiti kom a letranje.

Fre-m Se-m yo ki nan Gouvenman panse pa kite move-s espri fe nou yon paka viv ak lot paseke nou tout se yon sel nou ye. Si nou pa renmen tet nou pesonn paka renmen nou tou, tanpril ede tet nou pou Bondye ka pab ede nou tou. Nou pa we nou tounen yon esklav lib pou tout peyi sou late, kap fe nou touye yon lot epi yap lave men yo. Eske je nou bouche ki fe juskaprezan nou paka we kivale nan nou ki mouri e kivale nan nou kinan mize. Mwen kite nou ave lape BonDye.

Saintil Andre, January 4 2011, 9:10 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >