Vyolè Yo Dwe Pini

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2593

Mwen ansanm avè w sou koze sa a. Men mwen pa ta swete ke se yon senp swè paske koze vyole fi a li senp pou vyolè yo men se yon keksyon ki pi konpleks pase l parèt pou rive kwape l andedan sosyete a. Ann di karebare mwen ak ou dwe chèche pou koze n rezoud anba manto lalwa.

Lè nou chèche rezoud diferan nou yo nan chimen lajistis, kèlkeswa kowonpi sistèm jidisye ka kowonpi, nou kontribiye nan sans pa nou kòm sitwayen pou ranfòse Leta. Ann di ke youn nan rezon ki fè kriminèl ap vyolè ap fè palemwadsa nan sosyete a se paske Leta Dayiti aktyèlman fèb e li pa rive ka ranpli fonksyon fondalnatal li ki se pwoteksyon teritwa peyi a ak sitwayen li yo, angwo pwoteksyon sosyete a mwen di pwoteje piti kont pi fò e fò kont yon latriye piti. Mentou li pa twò ta pou Leta remanbre paske pandan tout moun ap di Ayiti ap peri, mwen te toujou rete kwè tennfas ke Ayiti ka resisite e non sèlman sa li ka sòti nan konvalesans sosyal vitametènam sa a li ladan l lan, men fòk yon ansanm moun ki genyen aparèy Leta nan men yo genyen ase desans pou yo rekonèt konbyen jenerasyon ki sakrifye, konbyen jenerasyon fanm ke kadejakè vyole, konbyen jenerasyon timoun san apatnans yo pwodi e konsanti pou yo repare tò sa yo. Fòk moun sa yo anpremye retire karapas iminite kap pwoteje yo nan travay pou afebli Leta a, fòk yomenm tou bay nanchyon an kont. Anplis fòk nou menm sitwayen yo, oumenm ak mwenmenm angaje n nan militans, deba, tabwonn, entèvansyon elektwonik, radyofonik, mach pasifik pou ranfòse mouvman liberasyon fanm andedan peyi Dayiti.

Annale pi lwen paske n te di ke koze a pi konpleks ke jan l parèt la.
- Premye bagay pou n kontribiye ladan l anpil se ranfòsman Leta Ayisyen konsa na genyen garanti ke nou genyen enstans pou n ale devan yo lè mesye yo chita ap vyole pitit fi nasyon an. Ranfòse Leta a vle di ki sa a?

Fòk nou kòm sitwayen, -menm kont entere pesonel paske l pa vo entereyon jenerasyon o plis- refize patisipe nan ankenn kont maltaye kont gouvènman pwòp peyi nou yo ki tabli atravè eleksyon ke peyi a patisipe ladan l e ke lalwa nan moman an pa twouve genyen fròd nan pwosesis la. Konsa mwen menm ak oumenm ap evite mòsèlman Leta a paske se kondisyon ki pi pwopis pou kidnapè, kadejakè fanm yo ak fon piblik yo fonksyone.

Kidonk mwen ak oumenm genyen entere nan perenizasyon yon Leta manbre pa yon Leta kwatchòkò kote pa genyen ankenn kont ki ka bay. Anplis fòk nou sispann bay yon tradisyon enjistis jarèt andedan peyi paske lè sitwayen yo sispann mande kont yo kontribiye nan menm sans ak demantlé Leta Dayiti yo pou detwi nanchyon an. Fòk nou kontinye mande kont! Ke krim la te komèt vennsenkan desa e kriminèl la pa pije penn li konfòmeman ak lalwa fòk nou dwe pran dispozisyon pou jistis wè jou nan peyi Dayiti.

Tan ki fè yon krim rasi pa efase kriminalite zak la pou sa! Ebyen fòk genyen jistis ki bay, fòk genyen reparasyon ki fèt.
- Dezyèmman fòk nou, mwenmenm ak oumenm, sispann bay Leta-Koubèlann ki genyen grif andedan chè peyi a jèvrin.

Fòk lè genyen krim ki komèt, fòk fanm yo pa ezite yon minit chèche chimen lajistis, fòk òganizasyon fanm yo ranpli fonksyon pwoteksyon ke misyon yo dekri efektivman.

Lè fanm ki viktim vyòl la genyen laperèz pou pran chimen lajistis paske li pral genyen pou viv bouch pou bouch ak nen pou nen ak vyolè kriminèl la, nan sans òganizasyon ki la pou defann dwa fanm yo dweka anmezi pou pwoteje fanm sa a pwovizwaman ak dilijans e siveyans lapolis jiskaske chijman rive pwononse e yo mete kriminèl la anba kòd.
- twazyèmman fòk genyen fòmasyon sivik ki rive bay pou fè fanm yo konnen ki enstans ki disponib pou resevwa plent yo, pou asiste yo nan demach yap mennen pou konsiltasyon ak lòt pwosedi medikal pou tabli evidans ak depiste move maladi ke kriminèl ki enfekte yo bay moun sa yo.
- Katriyèmman fòk sistèm jidisyè peyi Dayiti a devwale vrè vizaj li. Fòk sitwayen yo rive klè ke sistèm la pou ranfòse kriminalite, vyòl, enjistis ak enpinite osinon si li la osèvis sosyete global la pou aplikasyon lalwa nan pèspektiv etablisman yon Etad Dwa solid kote ankenn sitwayen dèlò ke l twouve sou tèritwa Repiblik la li pakab odsi lalwa e konsèp lalwa se yon sèl pou tout moun lan jwenn aplikasyon sou tout tèritwa peyi a.
Pou m fini banm di ke Ayiti se yon vye wozo li pliye anpil men sa pa vle di ke lap kase. Li pèdi anpil sèv, anpil dlo beni ki se pitit tè peyi Dayiti, sèvo dò li yo, ki ale san entansyon pou tounen paske lenjistis ak iresponsablite ap pouse do ale chak jou bondye mete. Keksyon an se paske ti ponyen moun ki eklere nan peyi a tonbe itilize zouti inyorans, banditism, vyòl, vanpirism, analfabetism sans gade dèyè pou kreye yon Leta fènwè kote l fè nwit gwo lajounen, kote lanwit se mazanza ak bizango, kidnapè ak kadejakè ki okipe peyi a ak beton an. Konsa kadejakè tounen malfini e fanm vanyan peyi a tounen ti poul: krim san non ap fèt tribòbabò.

Ann mwen menm ak oumenm di se pou sa kaba paske madan sara nou yo twò brav pou n lage desten yon an men kriminèl gran chimen; pitit fi nou yo twò chè ak nou pou nèg yo pa chwazi ap pwofite yo; tifi minè nou se avni peyi Dayiti nou pa ka kite jekwazandye yo nan men yon seri òlalwa.

Ann mobilize pou yon rèy lajistis ak limyè pran rasin nan peyi Dayiti.

Ayiti pap Peri!

Jean-benito Mercier, July 28 2007, 12:51 PM

Topic: Mta rinmin ke tout neg an ayiti yo bouke viole fi

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen ansanm ave w sou koze sa a. Men mwen pa ta swete ke se yon senp swe paske koze vyole fi a li senp pou vyole yo... read more >
Jean-benito Mercier, 28-Jul-07 12:51 pm
mwen dako ak w tou fi haysyenn,yo dwe veye zo yo. read more >
Ruth Morissaint, 28-Jul-07 1:34 pm
Mwen kanpe ak tout fi yo pou'm mete tout san ave yo nan kaj pou yo bouke terorize sex feminen yan. Se paske se on... read more >
Le Protecteur Des Femmes Juan Las Casas, 28-Jul-07 4:08 pm
mwen di'w mesi pou bel pawol sa a ou patage ak nou memm famm haityen. mwen fe pati de gwoup zammi fi k' ap reflesi ak... read more >
Pierre Marie, 10-Aug-07 11:17 pm
Mwen neg jacmel protekte fi ayisienn nan peyim. Mwen te bien planifie ede on ti moun nan peyi an deyo zonn St-Marc. Wi... read more >
Jc Le Protecteur Des Femmes, 13-Aug-07 7:08 pm
hi my name is also guerlande and im 22 years old and i was wondering wwho wrote that,,, cpntact me versatyles101 at... read more >
Guelande, 20-Apr-09 9:27 pm

 

< Previous | Home | Next >