Michel Martelly Se Moun Cote De Fer E li Serye Tou

< Previous | Home | Next >

Moun kot de fe se bon moun e se pa moun ki nan vole e ki konplike tou. Li se pitit Gerard Martelly e manman li soti nan fanmi Sylvio Joseph e se sak fe li rele Michel Joseph Martelly.

Si ou konnen Kat jeyografi ou, kot de fe bay fas li nan be karayib la. Moun sa yo bay fas yo nan lot bo peyi dayiti e se moun tre de byen ke yo ye. Se premye fwa yo gen yon kandida ki pral fe konnen ke yo egziste andan peyi dayiti.

Kot de fe kon gen pwoblem dlo ak manje e se yon kote ki kon soufri grangou anpil dapre enfomasyon ke mwen konn tande e ke mwen pat verifye avan mwen kite Ayiti.

Ka se pa vre paske Ayisyen di anpil bagay ki pa sa tou.

Si yon moun konnen zon nan pa joure mwen selman eklesi mwen ak enfomasyon ke ou konnen.

Le mwen te an Ayiti yo te rele zon sila a Far West ki vle di bout ki pi lwen nan pati wes peyi a. Yo di ke moun la pa atache ak lajan e yo onet anpil.

Si se pa vre, di mwen sa ou konnen.

An touka mwen ta swete ke Micky fe devlopman e promosyon zon sila a tou. Map fe tout sa mwen konnen pou mwen al vizite zon sila le mwen retounen an Ayiti pou tout bon. Koulye a se vizite map vizite Ayiti e bay sipo ap groupman politik ke mwen travay ak yo lot bo a.

Pwoblem Ayiti se yon pwoblem ki konplike anpil.

Se men anpil e chay ki pa lou ka devlope peyi sa a nan anvlop ke li ye a. Micky di ke madan Manniga gen 20 lane nan eleksyon menm yon ti bout kay li pa konstwi nan peyi a alo se moun sa ki di li renmen peyi li. Chak 5 ane lale nan eleksyon epi kon li pa pase apre moun pa janmen tande li alo se moun sa ki di ke li renmen yon peyi. Bo kote Mirelande li di ke Wyclef ak Micky se chante ke yo konnen chante selman e pi yo pa vo anyen anko apre chante yo. Li menm si se yon fanm politik, li gen eksperyans nan gouvenman e nan jere lajan leta alo si yo vote pou li lap fe peyi a mache tre byen. Di mwen sa nou panse nan lang nou ak deklarasyon sa yo an...Pale, Pale e pi pa ka gen babouket pou nou la, pale epi di sa nou panse tout bon vre...

Toulimen, February 19 2011, 10:53 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >