Mwen dako Aristide dwe rete apa nan politik peyi Dayiti e se...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27180

Mwen dako Aristide dwe rete apa nan politik peyi Dayiti e se pou li chache yon lot sekte tankou nan edikasyon pou li ede peyi a devlope tet li. Si li pa fe sa yap touye li ou byen lap retounen nan legzil anko. Tande, se oligachi a ki te mande Georges Bush ak Chirac retire Aristid an Ayiti.

Aristid li menm te pedi kontwol peyi a tou. Sa li te dwe fe se te reyoganize yon eleksyon san li pat kandida e pep la tap chwazi moun ke li te sipote a le ou pedi tout sipo entenasyonal pou peyi ou. Se oligachi nan peyi Dayiti ki fe Ayiti tounen restavek yon kominote entenasyonal paske yo pa envesti ase an dedan peyi a pou kreye job bay pitit peyi a. Yo fe Ayisyen tounen mandyan e yo kole bouda yo sou welfare Diaspora (asistans diaspora) nan peyi etranje yo.

Pou Ayiti sispann fe domestik lot peyi nou dwe prodwi anko e nou ka rive nouri pep nou e sil le fo ekspote manje anko nan peyi etranje.

Yo mete Aristid, Namphy, Cedras, Avril, Jean-Claude Duvalier deyo avek kou deta e sa ki regle anyen e se pi mal Ayiti vini pi mal. Li le pou nou di ke legzil fini pou tout moun e egzile politik yo dwe tounen nan peyi a lib e libe e yo ka ede Ayiti nan lot domen olye politik.

Yon gran tet tankou Ertha Trouillot ta dwe an Ayiti e pou ki sa se Venezuela kap pran tout konesans jiridik ke li genyen yo. Li ta ka sevi peyi a nan refom la jistis ke nou vle fe andan peyi Dayiti.

Frem, mwen vle pou tout egzile tounen lakay yo e mwen ta renmen ke yo chwazi lot sekte nan peyi a pou yo ede olye politik paske lakay se lakay.

Map mande Martelly pou li di nan diskou envestiti a ke li ouvri pot Ayiti ak tout Ayisyen ki vle tounen nan peyi yo paske konstitisyon an di pa gen egzil pou pyes Ayisyen.

Mwen dako ak ou ke Aristid dwe tounen e rete lwen politik si li pa ta renmen yo fouke li ou mete li anba kod anko. Ke fos Gran Met La gade ou e beni jou wap viv yo!

Toulimen, March 12 2011, 10:00 AM

Topic: Aristide est un malheur pour Haiti

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Lame pat janm te baye Aristid kou-deta. Se mesye gro zepon nan wachinton ki baye Aristid kou deta. Sa kle tankou dlo... read more >
Jean Pierre Alexandre, 12-Mar-11 8:10 am
Let him go,he will get what he deserves.Michel will deal with him. read more >
Richelle, 12-Mar-11 8:19 am
Mwen dako Aristide dwe rete apa nan politik peyi Dayiti e se pou li chache yon lot sekte tankou nan edikasyon pou li... read more >
Toulimen, 12-Mar-11 10:00 am

 

< Previous | Home | Next >