Bondye beniw pou kouraj ou. Li pa ka denonse arisitde nan...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27351

Bondye beniw pou kouraj ou. Li pa ka denonse arisitde nan zafer sa lap pedi lavil aristide ap touye mem manman pou koz pouvoua.

Pa bilye Ayisyen kwer nan diab ak moune kap bayo manti an bel pawol e se sak fer nan lane 1989-1990 arisitide nan mande pep la pou mete dife sou tout moune.

Jodia li retounen ak yon ko etranje pou montre jan li renmen neg etranje pou asire pouvoua li. Frem ak Sem yo si bondye pa di yon mo pou nou Ayiti deja antere ak aristide ki pran konsyan pep nan fran mason pratik maji blan ak maji noua. Bondye louvri zye frem ak sem yo pou yo ka konpran ki jan de enemi kidevan yo. Pep la aveg ya mouri grangou yo nan mize akoz de sa yap rele satan papa. pa bliye tout moune nou we ki soti nan peyi etranje pou arisitde chek yo gentan ekri pandan ke pitit pepe la ap mouri grangou.

mwen pa gen problem pou aristide retounen lakay paske li se ayisyen men jan ak tout moune.

men aristide pa yon revolisyoner, li pa yon nasyonalis, li pa yon patryotis, men li se yon anachis, dechouker e yon gran ajan satan pou peyi ayiti.

Grangou ak mize fer tout moune danse devan ravet ak dyab.

An nou priye pou Ayiti, aristide, e pep Ayisyen.

Mwen renmen nou ak tout kem nou se frem nou se sem se sanm kap koule kem kraze lem wer pep la ap soufri konsa.

si aristide te renmen ayiti li pat tap kraze lame voye 8000 moune deyo nan grangou ak ti pitit, madanm e mari yo, epi li pran lame etranje lap peye 12000 dola ameriken pa mwa. arisitid pi mal pase hitler, pi mal pase sadam hussein, mechan e kriminel.

MIsye panse li intelijan pase tout Ayisyen ale apran pale tout ti lang ki genyen pa fer yon neg moune, sa baw karakte ni dinyite, okonter se yon lot fason li konen pou tronpe frem ak sem yo. Nou menm ki nan internet silvou ple nou pa wer pep la ap mouri pandan ke aristide ap prepare pitit li pou vini leader nou ak mas peyisan ke li ak manipile, sou ple ede pep la gen konesans.Mwen di mesi ak mas pep la ki pa pran lari pou neg konsa esepte kek ti grenn ki poko konpran reyalite la vi. Men si se te mwen men pi ga nou nan kouri nan la ri pou moune.

kote resper nou?

kote vale nou frem ak sem yo. Aristide di tout moune se moune pouki sa li pa kouri fe manifestasyon pou nou tou?

Sanjan bosko se aristid menm ki kreye yon eveneman pou ka fe politik pa li. Aristid ap difisil pou dekouvri si nou pa klere je nou.

Bondye te fini avek nebikadnezer, li te fini ak akab, li te fini ak jezabel et misye se te yon pret lite ye avan li vini boko, li konen sa byen. Bondye ka delivre pep ayisyen yon jou.

Mesi

Bondye renmen nou e mwen renmen nou tou.

sinseman

Pastor Rivel Dumaine, Dr.

Pastor Rivel Dumaine Dr., March 18 2011, 11:33 PM

Topic: Kriminel antré,nou mélé

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Bondye beniw pou kouraj ou. Li pa ka denonse arisitde nan zafer sa lap pedi lavil aristide ap touye mem manman pou koz... read more >
Pastor Rivel Dumaine Dr., 18-Mar-11 11:33 pm
Bondye beniw pou kouraj ou. Li pa ka denonse arisitde nan zafer sa lap pedi lavil aristide ap touye mem man man pou... read more >
Pastor Rivel Dumaine Dr., 19-Mar-11 12:19 am
Bonn pawol sa yo se moune gen fos, bon konpran ak lespri sen ki ka pale konsa.Mwen konnen se pa rayi ou rayi misye men... read more >
Pastor Rivel Dumaine Dr, 24-Mar-11 10:25 pm

 

< Previous | Home | Next >