Mwen soti rele Jet Blue ak American Airlines pou konfimasyon...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27908

Mwen soti rele Jet Blue ak American Airlines pou konfimasyon sa a ou di a. Yo di menm si yo ta rive desevi Ayewopo okap la se an tranzit yap fe li. Yo genyen plan sa avek Ayewopo potoprens lan. Wap ateri potoprens epi nan trant minit wap ka rive pran yon lot ti avyon ki kap transpote 17 ak 25 moun nan Ayewopo okap la. Men tout plan sa yo a letid sou tab e yo po ko genyen aprobasyon gouvenman ofisyel Ayisyen an. Ki fe gro Boeing yo pap janmen rive ateri nan okap e lap rete yon Ayewopo rejyonal tande fre mwen. An nou mize sou aktivite rejyonal la pou nou ka fasilite transpo andan peyi a. Pa gen anyen ki mal si ou desan nan Ayewopo santral la e pran yon lot ti avyon Meriken pou mennen ou nan ayewopo nan zon ou an. Sak mal man sa?

Oke Sendomeng pa genyen reyelman 10 gran ayewopo entenasyonal tankou JFK ki resevvwa gro vol entenasyonal.

Li genyen 9 ayewopo ki pran estati entenasyonal paske avyon nan ayewopo sila yo ale nan peyi vwazen Sendomeng tankou Puerto-Rico ak Grand Turcs and Caicos Islands pou mwen site ke de sa yo nan yon ban lot ti peyi vwazen ki gen relasyon ak Sendomeng ki pa menm a 1 e de tan de Sendomeng nan avyon.

Se sak fe yo rele yo ayewopo entenasyonal paske le avyon an kite Sendomeng pou li ale nan tout ti peyi vwazen sa yo ki pre li se sak fe yo genyen estati entenasyonal tande.

Nan nef ayewopo sa yo se kat (4) ladan yo ki vreman gen repitasyon ayewopo entenasyonal pou tout lot peyi ki lwen de 5 e de tan ak plis nan avyon ak Sendomeng.

Kat Ayewopo sa yo rele Samana El Catey International Airport (Nan Santo-Domingo) jan yo rele li Dr. Juan Bosch Airport, Cibao Intl Airport jan yo te rele li Dr. Joaquim Balaguer Airport ki nan Santiago, La Isabella Intl Airport ki nan mitan Santo-Domingo le ou prale ve les e answit Las Americas JFPG International Airport ak ti non jwet li Dr. Francisco Pena Gomez Airport.

Lot 5 yo tankou Maria, La Romana, Gregorio, Punta Cama, Arroyo Barril se ti ayewopo ki sevi tout ti zantiy ki pre Sendomeng yo. Mwen kwe koulye a ou ka rive konpran pouki sa yo rele ayewopo entenasyonal paske yo desevi ti peyi ki tre proch a mwens de 1 e de tan nan avyon se tankou La Tortue ak Potoprens ou byen okap ak lagonav, men paske yo andan peyi dayiti menm si ou ta genyen de ayewopo ki desevi de zon ke mwen site la a ou pa ka rele tou de ayewopo sila yo ayewopo entenasyonal.

Men si te pa egzanp Grand Turks ak Cap Ayisyen ki tou pre pa mwens 30 minit nan avyon ou tap rele ayewopo okap la ayewopo entenasyonal tou. Ki fe pou nou fini ou ka konpran koulye a ke se 4 gran ayewopo entenasyonal ke yo genyen.

Ou ka pran avyon soti New York pou ale Cibao International Airport men avyon sila a pa ka mennen ou nan Maria Montez International Airport paske pis ayewopo sila a tro piti. Yo rele yo entenasyonal ayewopo paske yo desevi lot ti peyi entenasyonal ki pre yo. Mwen tre kle ke Sendomeng genyen 4 gran ayewopo entenasyonal e mwen pap retire sa mwen di ya tande.

Mwen kon Sendomeng e mwen vizite tout zon sila yo alo mwen konnen sa map di a tande.

Nou te kapab genyen tou anpil ti ayewopo entenasyonal tou soti nan Latortue pou Cuba, nan Au Cap pou Grand-Turcs ou Puerto-Rico e latriye tankou Sendomeng.

Zelit ak CIA nan peyi Ayiti pa vle peyi Dayiti antre nan sivilizasyon se sak fe ou pa genyen tout ti Ayewopo entenasyonal sa yo tou. Nou pa pwodwi anyen sinon ke touye moun, ekspote sitwayen nou pou travay tankou esklav nan peyi lot bo dlo e fe zak malonet andan peyi a se sak fe nou paka gen ayewopo sa yo tou. Komes se yon gro bagay ki ka konekte ou ak pi fo peyi sou la te, e nou pa prodwi anyen e nou pito fe restavek Meriken kap bonbade nou ak prodwi salopri chaje ak prodwi chimik alo nou pa reprezante sivilizasyon se sak fe nou pa ka genyen yo.

Le jou nou sispan fe choul Meriken e pran destine nou nan men nou e anpeche li detwi nou ak kilti ke nou reprezante a nap rive genyen tout ayewopo sila yo. Se paske nou se peyi neg nwe ki fe nou pa genyen yo se paske nou malonet e nou mechan ak tet nou ki fe CIA meriken ak yon pati nan elit la pa tout ki pa vle konpetisyon blayi andan peyi a e se sak fe yap touye moun, vole e detwi peyi ak lot peyi enperyalis tou. Fot la dabo se nan nou menm e se sak fe nou pa ka genyen tout ayewopo rejyonal ou entenasyonal sa yo ke wap pale a.

Si mwen ofanse ou, mwen mande ou padon e tout sa mwen te vle ou konpran se yon ti analiz pou louvri je ou sou ayewopo entenasyonal ak rejyonal e pou fini Sendomeng gen selman kat Gro Ayewopo Entenasyonal ak senk ti Ayewopo entenasyonal ki desevi ti peyi ki vwazen li nan mwens ke ine de tan. Answit yo genyen 29 lot ti ayewopo rejyonal ki desevi Sendomeng selman.

Se yon wont pou nou wi le ou gade tout devlopman sila a yo ke Sendomeng fe nan plis pase 25 lane kote nou chita ap vole e touye yon lot. Nou pa reprezante sivilizasyon e nou reprezante fos male, teneb ak la wont ke Meriken ak zelit mekantil la fe nou tounen.

Ke fos Gran Met beni ou e veye sou ou tou frem! Ak tout ke mwen kouraj!Mesi!

Toulimen Legrand, April 10 2011, 1:53 PM

Topic: PA GEN TRAVAY KAP FET NAN AEWOPO NAN OKAP JOUNEN JODIA

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

LEM DI TOUWIS LI GENERAL.AYISYEN KI FET E KAP TRAVAY NAN LOT PEYI PA AYISYEN. AYISYEN KI SOTI NAN NORD TA RENMEN... read more >
Tony St Festin, 10-Apr-11 12:02 am
Mwen vle ou konpran se te yon ere yo te fe Ayewopo okap la kote li pozisyone a. Liy Ayeryen tankou American Airlines... read more >
Toulimen Legrand, 10-Apr-11 1:28 am
Toulimen,depi mwen te ti katkat mwen te toujou santi ke yo ap dirije peyi nan manti,nan blof,nan fenwoi. Tankou... read more >
Jean Pierre Alexandre, 10-Apr-11 6:16 am
TOULIMEN,SA WAP DI LA MWEN TANDEL NAN BOUCH MONOPOL POTOPWENS 7 ANE DESA NAN YON REINION KI TAP FET OKAP NAN ZONE... read more >
Tony St Festin, 10-Apr-11 9:48 am
Ayiti pate jam gin yon bon presidan nan tet li,gin le'ew si Papa doc pat kontri yon ayewopo,ayiti ta gin yon dwoet... read more >
Jean Pierre Alexandre, 10-Apr-11 10:40 am
Mwen soti rele Jet Blue ak American Airlines pou konfimasyon sa a ou di a. Yo di menm si yo ta rive desevi Ayewopo... read more >
Toulimen Legrand, 10-Apr-11 1:53 pm
ZAFE` TI AVYON SA WAP PALE-A SE PWOJET TI BOUJWA MALPWOP YO KI RETE NAN FATRA,NAN MALPWOPWETE NAN POTOPWENS.SE PLAN TI... read more >
Tony St Festin, 11-Apr-11 3:00 am
ME KOMAN TI MALPWOP YO RELE KI PA VLE DECENTRALIZASYON,TI MALPWOP SAYO AP GOUMEN RED POU LETA CENTRAL LA RETE.ME SALOP... read more >
Pololo, 12-Apr-11 7:15 am
Titid(djol kochon),wou songe ke mwen te di'wou mwen se vrazin wou nan taba? Mwen gin ket tan map chache'wou,pou nou... read more >
Jean Pierre Alexandre, 12-Apr-11 10:55 am

 

< Previous | Home | Next >