Probleme terrien dans le haut Plateau central 2.

< Previous | Home | Next >

Salut Excellence.

Nan wo plato santral la, moun vole te men m jan yo vole kabrit ak kochon.Neg kidnape te men m jan bandi kidnape moun.Nou tout se Ayisyen nou tout gen dwa.Pa gen kesyon priyorite pou yon gwoup.

E lot gwoup la paske l' pa nan men m goup avek konpe entel, li pa dwe benefisye.

Sa pa dwe fet.
Peyi a gen pwoblem anpil se lot peyi k'ap ede l'.

poutan, li genyen resous ki t'a ka fe l' mache.Yon peyi moun pa peye taks ladann p'ap janm mache.

Ekselans mennen yon ti anket sou tout te leta nan wo plato santral, wa we nan men ki pati moun yo ye.Se yon gwoup moun privilejye, yo p'ap peye taks. Te genyen twa fik leta soti maryalapa pase kolade jis rive nan ode.Nan men ki moun te sa yo ye?Patikilyeman plis pase 800 karo te nan kolade, nan men ki moun li ye?Moun yo ki sou te sa a, ki moun ki touche taks nan men yo.
Nou pa di mete moun deyo sou te, paske tout peyizan se peyizan men leta dwe reprann tout te ki nan men vakabon e egzije moun yo peye taks. Te nan papay la, gen moun ki peye taks .Men ki les moun ki resevwa lajan sa yo?Nan poch ki moun li rantre?

gen plizye milye karo te ki te dwe nan men INARA paske te sa yo pa gen vre met se fo papye ki genyen .Se fo jijman k'ap fet.Se pov malere yo vin pi pov ak yon seri de Avoka san konsyans k'ap fe fo pledwari.

Peyizan pa gen ti bet anko pou peye Avoka nan fe pwose dire 5, 10, 15 lane san fini.San konsyans sa yo la koz malere paka mete pitit yo lekol.

Si INARA te pran te sa yo e kite peyizan yo sou li pandan y'ap peye yon ti taks, sa t'ap pi bon pou yo.
Majistra kominal yo, jij de pe yo, kazek yo, dwayen ak komise gouvenmen kapab ede INARA fe resansman tout te leta ak te pwoblem yo.Nou konte sou ou Ekselans pou yon solisyon dirab.

N'a kontinye pale yon lot jou.

Serge Desrameaux, August 15 2007, 3:53 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >