Operation Anba Kod

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 3354

Gen neg ki pran plezi le swa, ou bien gran lajounen fe yon trou nan kes Leta. Jodia yo mete yo nan yon pozition, demen apre yon sel jou, me grose vant yo. Poch yo lou, yo pa ka mache! Nan yon mwa, me grose chato yo. Kek nan yo tres intelligents: Yo sere "rekot" yo anba matla, toujou rete nan ti kay bwa pin an, epi le yo voye yo ale, apre de jou, me longe kabwet yo...Gen lot, Yo pa pran nan kes la direkteman non!, yo ampeche lajan rantre ladan.

Pou yo dedwane yon machandiz, fe ou peye yo an ba. Yo jwenn ankourajman tou. Gen yon seri menm, yo vole machandiz yo sou dwan nan, sa dekouraje komesan yo. Gen yon lot group, yo fe parenn yo ak marenn yo pa peye anyen e puis y'ap touye lot malere.

Gen yon kolonn, ki ampeche leta amploye moun ki kapab, et mou ki honet.

Tout neg sa yo merite anba kod, pase yo nan television, pu tout je we yo. Sa ki pi red la, la polis ak lajustis paticipe nan komplo pou mete peyi ya agenou.

Se yon bel ide epi yon bon travay pou mete inpe neg anba kod. Min si la jistis koronpi, se lave men siye a te. Anpil nan nou nou sitire vole yo, le nou ba yo kob anba pou yo fe travay yo. Gen la dwann, kontribisyon, Achiv nasyonal, kote sa yo menm se la anpil neg malonnet rete. la majorite nan yo se vole, ti res la kirete ya pe pale...Nan Aeropo a menm depi yo sispek ou se diaspora, yo fe'w abi.Yo di w'paspo ou pa bon, ekstera..Si ou ankouraje koruption, ou koupab tou. Si ou benefisye de yon vol, Ou se yon vole tou.
Mwen voye dlo, mwen pa mouye peson, si ou te travay la, ou bien w'ap travay la, ou konnen ki moun ou ye. Se malveyan sa yo ki fe nou pa gen rout, pa gen limie, pa gen l'hopital, pa gen anyin.

Vole sa yo komet gro krim kontre pep la. Deviz yo se: L'etat c'est moi. Se ras Napoleon Bonaparte yo ye. Malveyan sa yo merite anba kod. Yon sel bagay, le nap lage koukou rouj deye vole, an nou fe atansyion pou "inosan pa peye pou koupab".

Neg Lakay, September 19 2007, 6:36 PM

Topic: Corruption

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 15 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
Gen neg ki pran plezi le swa, ou bien gran lajounen fe yon trou nan kes Leta. Jodia yo mete yo nan yon pozition, demen... read more >
Neg Lakay, 19-Sep-07 6:36 pm
Poukisa yon ayisyen dwe toujou ap pwouve ke li se ayisyen? nan moman sa-a chek vire tounen fok ou renouvle extrait... read more >
A Regular Reader, 19-Sep-07 7:32 pm
Oui se vre. Vole tou patou. Nou dwe mete chien deye yo, pou pep la sa pran souf! Ti chien ki te pran la penn pou... read more >
Ti Malice, 20-Sep-07 10:25 am
Ti Malice, Tribunal ak prizon pral chage tres bientot ak tout kalite vole. Notre president et des fonctionaires... read more >
Neg Lakay, 20-Sep-07 11:00 am
Ti Malice, Tribunal ak prizon pral chage tres bientot ak tout kalite vole. Notre president et des fonctionaires... read more >
Neg Lakay, 20-Sep-07 11:25 am
Me kote toutou af fe dega. yon ti vedeo tou kout ki ka fe vole ak kriminel pipi sou yo. read more >
Neg Lakay, 20-Sep-07 11:30 am
Frem' pa gen moun ki gen te isit, si yon neg konprann kel' ka klotire plizye caro te pou yon malere ki pa gen kote... read more >
Blaise Bunet, 3-Oct-07 7:08 pm
mon cher ou se yon gro idiot si'w repond konsa,koman eske se sa'w wer nan lot payis serieux,se sel yon ayitien dyol... read more >
Justice, 4-Oct-07 5:11 pm
Mon ami, Si mwen t'a relew idio, se yonj one m' t'a fe'w. Tet ou pa gen anyen ladan, se bouden kalbass ki la... read more >
Papa Legba, 5-Oct-07 7:18 am
Neg ki pat gen chans al lekol, toujou ap repete vye bagay, mwen pa gen repons pou ou selman map' di ou al lekol, pou... read more >
Blaise Bunet, 5-Oct-07 8:37 pm
1 - 10 of 15 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >