Hai pa ka lage konsa san abri

< Previous | Home | Next >

Li pa posib nan 21th century pou Y'ap mennen peyi konsa.

se tankou pa janm genyen yon moun serye ki ap dirije.

Peyi a ap fin kraze nan men yo yo pa ka wè sa. ou ta di se avèg yo avèg. se kòm si anyen pat anyen.

Mwen panse li posib jounen jo di a pou esclav egziste nan okenn peyi sou latè.

Mwen krè zansèt nou yo te trase egzanp libète sa pou tout pèp nwa sou latè beni. Epi se nou menm k'ap fè esclav nan lòt peyi tèlman nou pa gen leader ou byen yo gen wont.

li pa posib pou ayisyen ap fè esclav nan " batey" nan republique dominicaine.

sa se pa yon wont li ye. pa janm gen yon leader ki assume responsabilite yo pou yo di; bon ban m' ranmase eskanp figi m' pou mwen fè yo respekte ayisyen.

Common mesye! nou se moun tou, nou se yon pèp menm jan ak tout pèp. ann fè yon efò pou yo ka wè se moun nou yo tou.

yo di nou gen anbasadè ki reprezante nou a letranje.

mwen mande koteyo.

mwen ta renmen konnen ki wòl yon anbasadè, se pa pou defann sitwòyen peyi ki ap viv nan peyi li represente yo a.

gen anpil anbasadè pase pou yo defann pèp yo. yo pito defann etranje a. men bagay sa yo fè wont sa. paske se chita fè lajan sou tèt leta ki pap fè travay yo, ki san direksyon tankou yon vye machin ki pèdi fren ki ap tann kilè pou yon pye bya rete l'.

nou bay moun lafyèv nou menm nan peyi sa.

te genyen yon gouvènman tranzyon nan peyi a. kounye a genyen yon youn ki eli. mwen kwe li ta lojik pou li ta nome anbasadè pa li tankou tou lòt gouvenman te ka fe. ou kenbe menm moun pa li yo. kòman ou ta vle pou yo ta bay randman ou ta vle pou yo ba yo. eske se jwenn lete ki la kounye a pa jwenn, pesòn pa konnen.

valè ayisyen konpetan mwen konnen ki genyen, nou menm ayisyen se malonet nou malonet konsa?

nou kondane pou nou pa janm anyen.

mwen menm, mwen we pou ayiti ta chanje, se tout ayisyen ki ap vin kounye a yo ki pou ta mouri net epi pou yon nasyon vini. se pa sa mwen ta swete pou pep la non, men se sel mwayen mwen we pou peyi ta soti nan sa li ye.

That make feel like crying when I meditate on the situation of this Haiti.

That is a shame in this 21 th century.

They don't know how bad other nation consider them?

We need to change our mentality.

we need to think another way. we need to see things in a new way.

That is sad!!!

Laforet, November 26 2007, 4:19 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >