about you president preval

< Previous | Home | Next >

mwen sonje lèm te kon-n jwe nan palais ya pou andikape yo lè ou te prezidan anvan, mwen te gen kontra ak martine fourquand, nou te kon-n ap fè bèl dekò,pwogram maryonèt pou ti mou-n sou tout plas yo, pa fwa ou kon-n vini ak èx madan-m ou, gen yon lè mwen te chante ak pitit fi ou patricia préval sou plas ditali, gen anpil lòt bagay toujou.pou ki sa jodi ya mwen viktim de zak malonèt pè ednè devalsen, ki viktim prizon ilegal sou gouvènman-ou
lan nan mwa davril la, fanmi-l ap menase-m ak tout fanmi-m pou touye-m jiskounye ya, tout rele mwen rele, tout kriye mwen kriye mwen about se nan kache map viv, se an chat pen-t pou-m antre nan peyi-m, epi konplis yo menm ap mache lib e libè gouvènman pa di anyen, pou ki sa, paske-m mwen pa gen valè pou peyi ya, oubyen
mwen pa gen valè nan je nou, ou paske mwen pa merite jistis.

prezidan preval, se pa mwen sèl ki viktim viris sida
nan men pè devalsen trase ekzanp sa nan je le mond antye, mwen renmen peyi-m, mwen fè anpil bagay nan peyim, mwen vle kontinye chante peyi-m, edem jwen-n kouraj mwen yo-m te envesti ak pè ya.
dayiti ki make anpil moun, ou pitit tou ou gen fanmi, fòk konplis yo pini

Yolette Lagrandeur, December 7 2007, 8:23 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >