good luck president

< Previous | Home | Next >

Mon che prezidan Preval, Tout Ayisiyen konsekan salye deziem manda-w kom mandate Nansyon-an. Tout patriyot konsekan kap vviv nan Peyi lot bo dlo ak lot bo frontye pa ka tan-n pou peyi-a ta jwenn you sosuf ak sekirite-a. Nou tout bezwen rantre lakay pou-n vi-n kole zepol ak zepol pou devlopman peyi-a. Di non Mesiye Prezidan, eske gen lespwa pou zafe linsekirite sa-a-a rezoud?

Konbiyen ta sa ap pran.Yon lot keksiyon anko. Kilo ap chanjman nan Konsila yo.Nou konnen pa gen lajan pou gaspiyaj.

Nan konsila Nouyok la, li merite pou ta gen you pase men fet ladan-n. Elimine kek pos ki pap fonksiyone setadi de mou-n kap touche ki pap fe anyen.

Li ta bon pou utilize lajansa-a pou peye transpotasiyon pou youn reprezantan diferan zon ki lokalize biyen lwen vil nouyok la (Manhathan) de moun ki oblije pedi 2 ou 3 jou travay peye biyen che ppou al fe ou renouvle Paspo yo.
Anfen anpil lot bagay ke nou pap kapab fi-n ekri nan ti bout tan sa. Petet you jou ma va va gen plis posibilite tounen sou sa anko
Ke Papa BonDye proteje-w epi ba ou anpil sajes pou -w fe travay Nansyon-an

Mesi J.J.L.E

Jean Leon, November 8 2006, 7:32 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >