Thank you Mr President

< Previous | Home | Next >

Dear President,
premyeman mwen ap remesye ou pou bel travay ou ap fe pou peyi a.Se pa tout sitwayen peyi a ki t'ap vle pran responsabilite sa ke ou pran an. (yo gen pwop rezon pa yo pou sa) Mwen vle remesye ou anko pou tet gras a ou menm ki koumanse fe yon bon travay pou peyi a yon jou mwen menm, zanmim ak fanmi nou, pitit nou ak lot res yo a gen opotinite pou rete lakay nou (sa ki nan peyi lotbo dlo yo a retounen) ansanm n'a kontinye fe bel bagay pou peyi a. sa te fe m' mal anpil le m' ap sonje bel pye kokoye nan lakou lakay mwen, bel jaden nan vwazinaj ak anpil bel lot bagay nan peyia ke te oblije vire do m' kite poutet chime ak lot vakabon ki t'ap kraze brize.

Paran m' ak anpil lot moun te oblije kouri pou yo pa te depafini anba malveyans (pou sove yon lavi miyo).

Mwen konen menm le jou a rive mwen pap bouke remesye ou, pousa m'ap aprann tout sa'k nesese ak enpotan pou m' pote le'm retounen.

Mwen salye ou,
Sitwayen Ayisyen

Sjeazle, January 16 2008, 12:53 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >