Mr le President

< Previous | Home | Next >

Mwen pran angajman pou m di ou prezidan si ou pa leve je ou gade an wo wap pyeje, tankou ou deja pyeje pa yon bann moun ki bo kote w ki pap regle anyen pou peyi pa debloke.Men entantyon moun sa yo, si yo peyi debloke lavalas ap toujou rete sou pouvwa an ayiti paske se aristi ki te vin ak ou.a chak fwa yon bagay mal rive nan peyi a menm si yo nan pouvwa a yo kontan epi yo fe yon rankont pou yo ka pare yon lot kou kap frape peyi a. Pouvwa ini tankou ou fel la a pa janm pote solityon pou okenn peyi.veye ou prezidan pou ou pa pran nan pèlen.
pou ensekirite a, sel sa ki ka sove peyi a se fome yon ko polis sekrè.

pa jandameri yap pale a. Prezidan si ou pran o serie mesaj saa wap jwenn yon solisyon ak peyi a san ou pa okipe moun ki vle ou fe krim.
Prezidan polis la pa bon di tou men nou pa ka jete l.fe mennen yon ti ankèt sou 2 kidnapè polis petion ville lage dimanch e lendi a.se mwen ki fè yon patrouy polis ki te nan delmas 105 e 95 pran 2 kidnapè yo ki ta p tann yon jèn fi yo te bay anpil presyon epi yo pran bib li ki ta pral legliz yo dil si ou pa pote yon som kob ban nou wap mouri.

Yo ale nan komisaria pv ak kidnapè yo ak jè n fi a ki ta pral chache pote ba yo. Polisye yo te gen prèv.Bib jèn fi a te ret nan men yonn nan kidnapè yo.Yo bay jèn fi a randevou pou lal nan tribinal ak kidnapè yo nan lundi matin.

Mezanmi gen youn nan yo ki te gen tan lage menm jou dimanch la epi nan demen lè jèn fi a parèt ak fanmiy li.yo fèl siyen yon papye sanl pa konnen, poul te lage sak te rete a.

NOU PRAN NAN POLIS KORONPI

Tirene, November 30 2006, 11:30 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >