michaelle: sipt kidnap

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 750

michaelle ou gen twòp lespri pou jodi-a wap sipòte yon move kòz. Si ou vle peyi-a chanje se pa move pou ou move lè lide ap tombe.

Se pou vini avèk lide tou. Se yon bagay klè Preval se yon nil. Moun ki pre avèk li konnen sa. Premye manda li a te montre sa. Dim ki sa ki te regle.

Nou di wout te fèt: ki bò, ki kote, ki zòn. Nou di lekòl te bati: ki kote. si genyen yon lekòl ki te fèt, pwofesè pat janm ka nommen.

Tout moun konnen Preval te kimbe plas la pou mèt li. Pou li te pran yon desizyon fòk li te ale taba.Lè pèp la mande l pou li fè yon kichòy li repon" se yo ki pou naje pou yo sòti. Ki sa ou vle fè moun konprann la lè wap vini estomake pou Prezidan tafiatè ou la. Se moun sèlman li tap touye ak tòtire: Majò Louis nan Lamarin ka di ou sal pase anba men mechan an. Pastè Leroy mouri sou zòd palè nasyonal.

Senatè Toussaint elatrye pase menm jan an. Anyen pat regle.

Swadisan te genyen yon refòm agrè: pèp la te toujou ap manje diri ak zèl kodenn myami.

Michaelle mwen ta mete ou chita pou mwen esplike ou anpil bagay de mesie sa yo fè.

Ou ta sezi. Ou ta konpran ki kote peyi a prale jodi-a. Sa kap fèt la pa fè anpil moun sezi paske yo te konnen anyen bon pa ka sòti nan mounn ki fè tout vi yo ap preche la vyolans, kap di ala yon bon zouti, kap di zouti sa santi bon, kap di ba yo sa yo merite, kap voye malere volè zafè gran nèg lè yo wè yo paka kenbe promès yo te fè.

Mwen konnen ou pral fache, men fò pawòl sa yo pale. Si te gen mounn ki te di yo, jodi-a Peyi nou an tap gen lapè, mounn tap mache nan nuit kòm lajounen, Manman Fara pa tap gen dlo nan je li. Papa ti gason sizan ki mouri Okap la pa ta gen dlo nan je li. Peyi ta bon pou investè vini kreye djob. Tout moun ta ka manje.

Tout moun te ka genyen yon tikay.

Tout ti moun te ka ale lekòl. Michaelle mwen voye ou reflechi tande.

Pale avèk Prezidan ou an. Gen tan toujou pou li chanje avan Pèl la fache.

.

Trebu Patriote, December 3 2006, 3:03 PM

Topic: Map repon-n dieujuste

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

michaelle ou gen twop lespri pou jodi-a wap sipote yon move koz. Si ou vle peyi-a chanje se pa move pou ou move le... read more >
Trebu Patriote, 3-Dec-06 3:03 pm
Mwen li message ou wa, mwen dako le ou di Preval pa ka fait anyen san nou tout pa ede li. Men pou etat sitution... read more >
Mark, 4-Dec-06 12:35 am
La police nationale est bien presente sur l'ensemble du territoire. Il suffit de l'equiper, de l'organiser et de lui... read more >
Trebu Patriote, 4-Dec-06 8:41 am
La police nationale est bien presente sur l'ensemble du territoire. Il suffit de l'equiper, de l'organiser et de lui... read more >
Trebu Patriote, 4-Dec-06 9:01 am
Ma chere Michaelle,j'ai lu le message que vous avez envoye pour trebu patriote je ne connais meme pas la personne je... read more >
Ofive, 4-Dec-06 10:39 am

 

< Previous | Home | Next >