Sonje Endyen yo

< Previous | Home | Next >

Ayisyen se pitit adoptif te Ayiti yo ye.

Yo pa konprann te a di tou. Genyen yon sekre Endyen(nou kab pa janm konn vre non premye ras moun sa yo) te genyen kite ride moun peyi Afrik batay kont lawont system esklavaj la.

Pou kisa mwen pale konsa?

Apre mwen fin vizite gwot Anakawona a, moun ki te ak mwen an di mwen genyen yon wout souteren kite rive jouk nan vil Leyogan.

Moun nan zon nan di te gen plizye wout anba te konsa.

Mwen reflechi e mwen di: kijan Afriken yo te kab sove, epi moun peyi Ewop yo pa janm jwenn tras yo: se la a mo 'MAWON' an dwe soti. Pep desandan Afrik lan Ayisyen yo pa bay te an okenn vale paske se pa pou yo li ye, yo pa konnen li, yo pa foure li nan fon ke yo.
Pep Endyen an toujou la nan peyi Ayiti, mwen we yo nan Kolin- Leyogan.

Yo se ras endyen ki la toujou nan Amerik Sid lan -ki sanble ak azyatik yo: je chire, tou kout. Yo toupatou sou zile an. Ba yo vale yo, mande yo padon.

Konklizyon tout peyi kote Endyen (nou kab pa janm konn vre non yo)
yo te viv rekonet yon fason ouben yon lot: peyi Meriken peye yon som lajan chak mwa oubyen chak ane. La a nan Sendomeng paspo tout moun ki pa sanble ak desandan Panyol ( peyi Espay), yo rele yo Indio.

An Ayiti, mwen panse ke li ta tre bon si Gouvelman an ta dekrete dat ki enpotan pou pep Ayisyen fok nou ta sonje Endyen yo tou :
"JOUNEN NASYONAL POU SONJE ENDYEN YO" Men dat yo:
01 Janvye
18 Me
14 Dawou.

Paske san ras sa a nou pa tap konnen tout vire tounen te sa a pou nou kache epi genyen batay final la.

Frantz Merceron, April 10 2008, 4:44 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >