Sa kap fet?

< Previous | Home | Next >

Mwen anvi koute, mwen anvi pale!!!

Sa kap fete pou peyi nou an tounen sou ray libete?

Yon libete ki fe li granmoun tet li, yon libete ki fe moun fye pou di li se Ayisyen...

Grangou a red anpil se vre, men sa ki pi red la se ke ou pa konnen ki le wap ka di sa pi bon kouneya, ou rale yon souf pou tout bon...

Ki le nap kapab di grangou kaba, pwodiksyon agrikol ak kapasite envesti ap pran jaret...

moun ka envesti ak anpil ankourajman?

Ede nou travay pou rive fe sa non prezidan...

ede nou non ministe Agrikilti ak tout reprezantan-w yo ki alawonbade nan tout rakwen peyi-a....ede nou tout moun ki genyen posiblite (pouvwa) volonte ak mwayen nan men yo....

ebyen ede nou transmet vilonte ak tout kapasite pou rive fe sa!

Nan non tout moun kap reflechi sou pwoblem yo...kan tann pou plis moun mete tet ansanm, tout moun ki bouke tan-n...

Joslin

Jocelyne J. Laurin, April 10 2008, 7:29 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >