an nou mete men

< Previous | Home | Next >

SALUT MR LE PRESIDENT,
JE VAIS ECRIRE MON MESSAGE DANS NOTRE LANGUE MATERNELLE QUI EST LE CREOLE.

VYOLANS K'AP FET HAITI A PA ITIL OKENN MOUN ANYEN SE BAK N'AP FE BAK, MEN MALEREZMAN PEP LA, LE LI NAN GRANGOU LI KRAZE TOUT BAGAY.

PEYI A PA GEN MOUN POU TRAVAY LATE ANKO TOUT MOUN JETE YO NAN KAPITAL VIN CHECHE LAVI, PASKE YO PAKA PLANTE ANKO TE YO PA KA FE MANJE, MWEN MENM MWEN WE SOLISYON AN PREMYEMAN SE PASE OK KONTRA AK LA CHINE POU NOU MANDE LI KONKOU NAN AGRIKILTI A, PASKE MWEN SONJE REFOM AGRE A TE GEN ANPIL ENPOTANS E LI TE EDE NOU ANPIL.

MWEN PANSE SA KI TA VIN APRE SA, SE T'AP TRAVAY LA MEN LI PA'P FET FASIL KONSA PASKE SI PA SEKIRITE PA'P GEN MOUN K'AP VIN INVESTI NAN PEYI A PA'P GEN OKENN DEVLOPMAN.

TRAVAY 'LUTTE CONTRE LA CORRUPTION' K'AP MENNEN AN MWEN KONTAN ANPIL, PASKE SE LA A POU KOMANSE GEN LOD NAN PEYI A, KONTINYE MARE TOUT MOUN, LI TE MET MWEN MENM DEPI SE NAN KORIPSYON.

TRAVAY LA PA FASIL MR LE PRESIDENT, E MWEN KONNEN W'AP TRAVAY POU OU FE HAITI CHANJE MEN MOVE JE AP TAYE ZEB ANBA PYE OU, MEN PA PE BONDYE AP BA OU KOURAJ.

KENBE LA NAN TRAVAY LA, N'AP TRAVAY POU SA CHANJE PASKE MWEN MENM MWEN VLE TOUNEN NAN PEYI'M LE MWEN FIN ETIDYE POU'M EDE PEYI'M VANSE.

J, April 14 2008, 1:50 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

HAITI: Dialogue and Democracy and Control. By Wilgeens Rosenberg April 14, 2008. Read more from Wilgeens Rosenberg at... read more >
Hispanolanoyosoy, 14-Apr-08 2:16 pm

 

< Previous | Home | Next >